2
Branch Botanik nan Lekòl Elemantè Pine Lake la sèvi kòm yon entwodiksyon ekselan pou etid òganis ki vivan ak fonksyon yo. Salklas vivan nan Fairchild Tropical Botanic Garden nan ofri elèv opòtinite pou plonje konplètman nan aprantisaj espès plant la e kòman li konplemante espès animal la. Elèv yo pral resevwa yon konpreyansyon sou nati a e respè yo dwe genyen pou li ak anviwònman an pandan yo ap kiltive pasyon yo pou syans, e devlope tèt yo an moun ki ap pran swen anviwònman an. Branch Zowoloji a ofri yon opòtinite enteresan pou aprann deprè e pèsonèlman nan Zoo Miami. Elèv pral etidye animal – abitid yo, karakteristik yo, ak wòl yo nan anviwònman an. Atravè obsèvasyon, etid, rechèch, ak entèraksyon avèk diferan animal, elèv nan Lekòl Elemantè Pine Lake pral aprann kòman yo ka asire mond nou an rete abitab pou tout kalite vi. Opòtinite edikasyonèl pratik, inovatif, ki baze sou pwojè nan Lekòl Elemantè Pine Lake fè aprantisaj la enteresan e motivan, e li pwomote siksè akademik. STEM Lekòl Elemantè Pine Lake: Pwogram Magnet Botanik ak Zowoloji a fèt pou ofri elèv yon kourikoulòm STEM ki enteresan, pratik, e rijid ki konsantre sou etid Botanik ak Zowoloji. Pwogram inovatif sa a mete vi nan salklas la atravè patenarya avèk Zoo Miami, Fairchild Tropical Botanic Garden, ak Everglades National Park. Elèv yo pral plonje nan aprantisaj atravè metòd pratik nan syans, opòtinite pou fè rechèch nan mond reyèl la, ak aplikasyon estrateji aprantisaj inovatif. STEM: Magnet Botanik ak Zowoloji nan Lekòl Elemantè Pine Lake la vize pou ankouraje elèv ki konn rezoud pwoblèm, gen vizyon, fè aksyon, gen gwo ladrès pou yo vin sitwayen global k ap travay pou dirabilite anviwònmantal. Botanik ak Zowoloji Pwogram Magnet Botanik Zowoloji STEM:

Botanik - Pine Lake Elementary School · Branch Botanik nan Lekòl Elemantè Pine Lake la sèvi kòm yon entwodiksyon ekselan pou etid òganis ki vivan ak fonksyon yo. Salklas vivan

  • Upload
    others

  • View
    4

  • Download
    0

Embed Size (px)

Citation preview

Page 1: Botanik - Pine Lake Elementary School · Branch Botanik nan Lekòl Elemantè Pine Lake la sèvi kòm yon entwodiksyon ekselan pou etid òganis ki vivan ak fonksyon yo. Salklas vivan

Branch Botanik nan Lekòl Elemantè Pine Lake la sèvi kòm yon entwodiksyon ekselan pou etid òganis ki vivan ak fonksyon yo. Salklas vivan nan Fairchild Tropical Botanic Garden nan ofri elèv opòtinite pou plonje konplètman nan aprantisaj espès plant la e kòman li konplemante espès animal la. Elèv yo pral resevwa yon konpreyansyon sou nati a e respè yo dwe genyen pou li ak anviwònman an pandan yo ap kiltive pasyon yo pou syans, e devlope tèt yo an moun ki ap pran swen anviwònman an.

Branch Zowoloji a ofri yon opòtinite enteresan pou aprann deprè e pèsonèlman nan Zoo Miami. Elèv pral etidye animal – abitid yo, karakteristik yo, ak wòl yo nan anviwònman an. Atravè obsèvasyon, etid, rechèch, ak entèraksyon avèk diferan animal, elèv nan Lekòl Elemantè Pine Lake pral aprann kòman yo ka asire mond nou an rete abitab pou tout kalite vi. Opòtinite edikasyonèl pratik, inovatif, ki baze sou pwojè nan Lekòl Elemantè Pine Lake fè aprantisaj la enteresan e motivan, e li pwomote siksè akademik.

STEM Lekòl Elemantè Pine Lake: Pwogram Magnet Botanik ak Zowoloji a fèt pou ofri elèv yon kourikoulòm STEM ki enteresan, pratik, e rijid ki konsantre sou etid Botanik ak Zowoloji. Pwogram inovatif sa a mete vi nan salklas la atravè patenarya avèk Zoo Miami, Fairchild Tropical Botanic Garden, ak Everglades National Park. Elèv yo pral plonje nan aprantisaj atravè metòd pratik nan syans, opòtinite pou fè rechèch nan mond reyèl la, ak aplikasyon estrateji aprantisaj inovatif. STEM: Magnet Botanik ak Zowoloji nan Lekòl Elemantè Pine Lake la vize pou ankouraje elèv ki konn rezoud pwoblèm, gen vizyon, fè aksyon, gen gwo ladrès pou yo vin sitwayen global k ap travay pou dirabilite anviwònmantal.

Botanik ak Zowoloji Pwogram

Magnet

Botanik

Zowoloji

STEM:

Page 2: Botanik - Pine Lake Elementary School · Branch Botanik nan Lekòl Elemantè Pine Lake la sèvi kòm yon entwodiksyon ekselan pou etid òganis ki vivan ak fonksyon yo. Salklas vivan

Apwopo Lekòl Magnet yoDepi plis pase 40 ane, Lekòl Leta Miami-Dade County an tèt nan mouvman

chwa nan edikasyon an. Pwogram magnet yo ofri kou etid san parèy ki konsantre sou enterè espesyal, talan ak abilite elèv.

Adaptasyon STEM:

PINE LAKE ELEMENTARY16700 S.W. 109 AvenueMiami, Florida 33157Phone: 305.233.7018

Pou Plis Enfòmasyon e pou Aplike Ale nan: pinelake.dadeschools.net oubyen rele 305.233.7018

Kijan pou AplikeOu ka jwenn aplikasyon yo sou Entènèt. Paran dwe soumèt yon aplikasyon konplè ant 1ye oktòb ak 15 janvye. Lè kantite aplikasyon an depase kantite espas ki disponib nan yon Pwogram Magnet, yo itilize yon pwosesis seleksyon sou fòm lotri sou òdinatè pou seleksyone elèv. Ou ka jwenn enfòmasyon adisyonèl sou pwosesis Aplikasyon Magnet la nan sit Entènèt ‘School Choice & Parental Option’ nan: www.miamimagnets.org

Chemen EtidLekòl Elemantè Pine Lake ofri yon kou etid nan STEM: Botanik ak Zowoloji pou elèv nan klas jadendanfan rive nan 5èm ane eskolè. Nou ofri Biyoloji Konsèvasyon kòm yon chemen etid ki ap kontinye nan Lekòl Mwayen Richmond e kontinye nan lekòl segondè, nan Lekòl Segondè BioTECH @ Richmond Heights 9-12

Conservation pou elèv ki enterese nan pousuiv STEM: Botanik ak Zowoloji.

Patenarya EdikasyonelKòm yon pati nan STEM nan: Pwogram Magnet Botanik ak

Zowoloji, e annakò avèk chemen etid ki te etabli, Lekòl Elemantè Pine Lake atenn patenarya avèk Zoo Miami, Fairchild Tropical Botanic Garden, Discovery Education, ak Everglades National Park. Nou etabli deziyasyon salklas nan andwa patenarya sa yo pou fasilite aprantisaj estimilan. Patenarya sa yo ofri resous ki ale pi lwen pase liv etid la oubyen imaj sou Entènèt, e li pèmèt elèv fè rechèch ki baze sou ankèt, ki fè yo jwenn opòtinite pou aprantisaj angajan, nan mond reyèl la.

• Dire Lavi Plant • Eksperyans Laboratwa• Rechèch sou Konpòtman Plant ak Animal• Fonksyon Divès Pati yon Rasin• Konpòtman Animal• Adaptasyon ak Fonksyon Stem• Biyoloji Òganis ki Vivan• Pati yon Fèy ak Adaptasyon li • Pratik Konsèvasyon ki Gen Siksè• Polinizatè ak Flè• Divèsite Espès Animal la• Adaptasyon ak Fonksyon Fwi• Divès Kalite Vi ak Evolisyon Yo

Etid yo Gen Ladan

Aplike pinelake.dadeschools.net

Aplikasyon ObligatwaRègleman Komisyon Konsèy Lekòl yo 1362, 3362, 4362 e 5517Entèdi fawouchman e/ oubyen diskriminasyon kont elèv, anplwaye, oubyen aplikan sou baz sèks, ras, koulè, etnik oubyen orijin nasyonal, relijyon, sitiyasyon marital, andikap, enfòmasyon jenetik, laj, kwayans politik, oryantasyon seksyèl, sèks fi/gason, idantifikasyon ak sèks fi/gason, ran sosyal ak fanmi, preferans lengwistik, gwosès, sitwayènte, e nenpòt lòt baz, yo entèdi legalman. Yo entèdi tou revanj kont moun ki angaje li nan yon aktivite ki pwoteje. Pou plis enfòmasyon kontakte: Office of Civil Rights Compliance (CRC), Executive Director/Title IX Coordinator, 155 N.E. 15th Street, Suite P104E, Miami, Florida 33132, Phone: (305) 995-1580 TDD: (305) 995-2400, Email: [email protected] Website: http://crc.dadeschools.net

Boy Scouts of America Equal Access Act of 2002- (Akò 2002 sou Aksè Egal-Ego Eskout Ameriken) – Okenn lekòl leta pa ka enpeche aksè egal-ego, oubyen yon opòtinite pou rankont an gwoup sou teren lekòl oubyen andwa lekòl anvan oubyen apre lè lekòl, oubyen fè diskriminasyon kont nenpòt gwoup ki afilye ofisyèlman avèk Eskout Ameriken oubyen nenpòt lòt gwoup jèn oubyen kominotè ki site nan “Title 36” (kòm yon sosyete patriyotik)