10

Intwodiksyon - Clio Haiti · paske anpil donezon oubyen gwo yanm pa egal ak gwo kòd yanm. 7. Yanm ki plis egzijan pou rejenere yo se yanm jòn (sigin) ak yanm ginen (blan) paske

  • Upload
    others

  • View
    46

  • Download
    1

Embed Size (px)

Citation preview

Page 1: Intwodiksyon - Clio Haiti · paske anpil donezon oubyen gwo yanm pa egal ak gwo kòd yanm. 7. Yanm ki plis egzijan pou rejenere yo se yanm jòn (sigin) ak yanm ginen (blan) paske
Page 2: Intwodiksyon - Clio Haiti · paske anpil donezon oubyen gwo yanm pa egal ak gwo kòd yanm. 7. Yanm ki plis egzijan pou rejenere yo se yanm jòn (sigin) ak yanm ginen (blan) paske

Intwodiksyon

Nou gade nou wè chanjman klima se you n nan flewo ki ogmante pwoblèm klimatik nan le mond tankou sechrès, inondasyon, lapli lagrèl elatriye. Tout bagay sa yo deranje anpil moun kap fè agrikilti, nan sans sa a, poun rive bay repons teknik ak twoumant natirèl sa yo nou monte ansanm ak konkou peyizan pwomotè ak agwoekològ nan Asosyasyon Pwodikte ak Agwoekològ Sides (APAESE) nan Okay Jakmèl yon pakèt jaden eksperyans sou 20 pratik agwoekolojik ke nou te chwazi nan brase lide sou pwoblèm klima a ak plantè agwoekològ Kiben, e se pou rezon sa nou te fè ale vini ak yo nan lane 2008 nan 4 pwovens kibèn ki pi avanse nan Pratik agwoekolojik yo e sa te pemèt nou chwazi 20 aranjman teknik ak ladrès epi metodoloji poun te ka akonpanye peyizan, pwodiktè ak oganizasyon nan peyi dayiti nan zafè agwoekoloji. Nan menm travay sa a, pwomotè Jenn ak grandèt ke nou fome nan lekòl agwoekolojik nan Kap-wouj yo bay 19 nan pratik sa yo batistè aprè yo fin fè 7 lane ap eseye adapte nan jade yo, kidonk tout pratik sa yo ki bay bon rezilta epi yo reponn ak kondisyon ekonomik, klimatik, sosyal ak kiltirèl peyizanri ayisyen an e se sa nou chita pou nou rele bon pratik sa yo Sistèm Inovasyon Agwoekolojik Apropriye (SIAA).

Sitirasyon ouragan Mathew kreye nan grandans lan fè prensip adaptasyon agwoekoloji vin genyenn plis plas mitan mas peyizan yo. Nan sans sa a, guid sa a li espesifik pou peyizan ak pwodiktè nan grandans paske nou fè fomasyon ak pwodiktè nan zòn Bomon, Wozo, Bivèt, Fon wouj ak zabriko kote nou te aplike 19 pratik SIAA yo nan chak pwovins sa yo, epi tout evalyasyon nou te fè pandan 22 jounen fòmasyon agwoekolojik lan te fè nou konprann peyizan ak pwodiktè nan zòn yo apresye a 100% SIAA ak tout ladrès pedagojik ki konstwi li yo. Tout zòn sa yo nou fè fomasyon an te genyen ti pwoblèm agwoekolojik patikilyè ki vin fè SIAA vin pi rich ak pratik adapte ak realite lòt zòn jodi a.

Pi gwo obdyektif gid SIAA grandans la.

Se rive konstwi ansanm ak pwodiktè epi peyizan yon seri eksperyans agwoekolojik kap pèmèt amelyore Pratik Agrikòl ak Elvaj nan grandans pou pote bon jan repons adapte ak pwoblèm chanjman klimatik, degradasyon anviwonman ak ensekirite alimante.

Detay sou objektif gid SIAA grandans la.

Echanje eksperyans agwoekolojik sou Pratik kap pemèt nou rekipere varyete plant ak zannimo kap fin disparèt ak tout kapasite repwodiksyon ak pwodiksyon yo ki fin bese.

Konstwi nouvote nan Pratik agwoekojik zansèt nou yo pou yo ka plis reponn ak dezòd klimatik yo tankou gwo serès, gwo briz van mélange ak lapli sanzatann, inondasyon, envayisman kilti yo ak nouvo maladi epi ensèk michan, deplasman sezon plantasyon ak rekòl yo.

Monte estrikti peyizan ak pwodiktè pwomotè pou defann ak fè solidarite kominotè ak fanm kou gason pou simaye bon Pratik SIAA kap bay bon repons agwoekolojik, ekonomi ak anviwonman ak dezòd klima.

Page 3: Intwodiksyon - Clio Haiti · paske anpil donezon oubyen gwo yanm pa egal ak gwo kòd yanm. 7. Yanm ki plis egzijan pou rejenere yo se yanm jòn (sigin) ak yanm ginen (blan) paske

Definisyon sou kèk pawòl fondalnatal pou gid la.

Ti kòze sou tibèkil, rasin , regenerasyon ak rezon ki fé nou ankouraje pwodiktè yo fè sa.

Tibèkil Nou di tibèkil se tout donezon ki genyen rezèv lanmidon ladan yo epi lèw ap fouye yo fòk ou jwenn li chita kòl nan mitan oubyen anba rasin yo. Egzanp: yanm yo, malanga/tayo, ponmdetè.

Rasin Rasin yo se donezon tout kilti ki mete rezèv nan premye rasin kilti a te pouse lè li te fèk fini plante nan tè a, sa vle di se menm rasin sa a ki vin gonfle nan yon tan ak lanmidon oubyen rezèv ladan yo. Egzanp: Patat dous yo, manyok yo, kawot, betrav, radi ak lot toujou.

Regenerasyon kilti Regenerasyon an vle di pou nou nan lang manman ak papa nou an fè kilti vin jenn anko sa vle di mete li nan yon estad kote kapasite poul pwodwi yo vin pi plis. Se yon aktivite ki soti nan zantray agrikilti peyizan kote obsevasyon ak pratik peyizanri jwenn fòs li nan gwo etid fitotekni yo.

Pandan chak konbyen tan kilti yo dwe sibi regenerasyon. Tout kilti tibèkil ak rasin ki repwodwi ak tèt, tibèkil, rasin epi ak branch yo se yon egzijans pou yo regenere ou fè yo vin pi jenn aprè chak 4 lanne.

Rezon ki fe nou regenere kilti nou yo chak 4 lanne Pou yo pa pèdi pwisans donezon yo. Move mannèv lezòm fè ak la nati fè li fin tombe sou degraba nan men yo, kote espès plant nou yo fin pèdi fòs pou kontinye bay bon jan pwodiksyon. Latè fin pèdi tout kò li ak grès li anba debwazman, ewozyon, boule ak move Pratik Agrikol yo. Move lavi ak latwoublay chanjman klimatik la ogmante pwoblèm nan nan disparèt nouriti ak pwoteksyon natirèl plant nou yo. Tout sa fè nou vin plis viktim nan dezòd klima paske kilti nou yo pedi pwisans paske yo vin two granmoun. Pou yo kapab kenbe ak la twoublay sa yo tankou nan sezon lapli ou jwenn solèy epi lew bezwen solèy ou jwenn lapli, move van toutan, move zè pichon, ensèk michan ki parèt nan kilti yo chak enstan.

Page 4: Intwodiksyon - Clio Haiti · paske anpil donezon oubyen gwo yanm pa egal ak gwo kòd yanm. 7. Yanm ki plis egzijan pou rejenere yo se yanm jòn (sigin) ak yanm ginen (blan) paske

Pratik SIAA pou pwodiktè nou.

Foto pratik anvan SIAA Foto Pratik SIAA Pratik SIAA modil 1: konsèy SIAA sou zafe kilti yanm.

Tibekil tèt yanm ki pa janm rejenere pedi pwisans

Move pratik pou mete yanm leve nan jemwa

Pi bon plan se grenn nan oubyen malanga katye a

Yanm wòwòt jèmen koupe yo an ti miyèt moso

Mete yo nan jemwa konsa Lè yo fin leve pase yo nan Bit

Plan malanga katye Grenn malanga

Rejenerasyon tibèkil yanm (yanm ginen + yanm sigin) 1. Wap fouye oubyen ou kase yanm yo ou pral fè jenn nan wòwòt nèt sa vle di yanm blanch. 2. Mete yo anba pay pandan yon tan pou yo ka pete bouton boujon. 3. Nan 2 mwa yap komanse fè bouton fòk yo nan bon frechè ak bon van sa vle di pa antere yo. 4. Koupe li ti miyèt moso longè 4 pous si ou pral plante nan tè wouj ki pa kenbe dlo epi yon

longè 2 pous pou plantezon ki pral fèt nan tè nwè ki gra ak kenbe frechè. 5. Mete ti moso yanm ou koupe yo fè yon jounen nan solèy epi ou pa bezwen mete okenn

pwazon ladan yo ni zoranj si paske yo gentan fè je deja yap leve touswit. 6. Mete yo nan yon fimye oubyen kompòs ki gentan byen dekonpoze ki pa rete okenn vye sant

pou li ka byen leve oubyen pouse boujon li yo pi long. Konsèy sou yanm rejenere yo 1. Pa bliye mete fas ki koupe a gade anlè pou dlo pa domi ladanl. 2. Pa bliye tout pap leve ansanm tout sa ki leve anvan fouye bit plante yo . 3. Fòk nou pa bay ti pye yanm nan yo gwo sipo bwa pou yo pa ka grenpe monte epi nou entedi

banbou pannan premye ane yanm rejenere a oubyen Yanm-SIAA. 4. Bit yanm nan dwe genyen twa tèt oubyen 3 ti mozo sa vledi 3 pye pou chak bit. 5. Pa fè pi plis ke yon bit yanm monte sou yon sipò bwa paske sa redwi dialòg pye yann nan ak

solèy sa vle di donezon yanm nan ap bese lè anpil pye monte sou menm bwa. 6. Pa neglije ti kòd yanm nan menmsi ou wè li piti se sipò bwa pou ou bali karese li fèl monte

paske anpil donezon oubyen gwo yanm pa egal ak gwo kòd yanm. 7. Yanm ki plis egzijan pou rejenere yo se yanm jòn (sigin) ak yanm ginen (blan) paske chak 4

lane ou dwe ranplase yanm granmoun yo ak yanm ki jenn oubyen ki rejenere. 8. Tèt yanm granmoun yo ou ka vann yo oubyen fè yo fè yanm mawon nan pyebwa anba kafe. 9. Jaden yanm rejenere a ap pedi fòs jenès nan aprè chak 5 lanne savle di fòk jaden an

rejenere anpre chak 4 lane. 10. Yanm towo oubyen yanm kariyal, yanm mablèz, yanm fransè, yanm diven ak masòkò se

grenn yo pou nou plante poun ka rejenere yo, men sèlman toujou plante grenn nan atè dirèk pa fè bit mete yo paske sa ap ede yo fè plis plan epi fè yo jwenn bwa ki wo pou yo monte pou yo ka bay bon donezon.

11. Nan ka malanga ou tayo se ti grenn piti yo ak malanga refann nan oubyen katye ki pi bon plan an, e lè sa a tayo yo donenn plis ak pi vit . Nous ankouraje w fouye bit yanm la byen epi plante yo nan tè ki gra sitou tè wouj ki byen degoute menm si se tè nwa kap kenbe dlo yo ou genyen ou ka plante yanm nan tou wi men fòk ou leve bit la pi wo ke sa ki nan tè wouj la. Dlo pa zanmi tibèkil ak ni rasin paske yo genyen resèv lanmidon ladan yo e sa pi rèd nan yanm jòn (sigin) ak yanm ginen (Blanch). Epi ou ka toujou plen twou yanm yo ak fèy nim sèch mele ak fèy twompèt paske sa ap edew kontwole mawoka ak lòt ensèk epi pichon, mawoka kap vin nwi kilti yanm nan.

Page 5: Intwodiksyon - Clio Haiti · paske anpil donezon oubyen gwo yanm pa egal ak gwo kòd yanm. 7. Yanm ki plis egzijan pou rejenere yo se yanm jòn (sigin) ak yanm ginen (blan) paske

Foto pratik avan SIAA Foto Pratik SIAA Pratik SIAA modil 2: konsèy SIAA sou zafè kilti patat dous. Pratik ki pat rejere patat dous chak lanne.

Plan patat ki soti nan jaden ki pat jaden semans.

Bwa patat san rejenere ki soti nan menm ansyen jaden an

Rejere patat dous chak lanne pou plan ka plis donnen

Patat ki pa rèk epi ki pa malad Tranche yo miyèt moso

Patat boujonen move fason pou nou plante

Bon plantezon patat boujonen jaden semans jen ak pwisan

Rejenerasyon rasin: patat dous + manyòk Pou rejenerasyon patat dous la: 1. Fouye ti patat nan jaden ki poko fin rèk 2. Mete ti patat sa yo nan yon kwen pou yo kapab fè bouton oubyen boujon 3. Koupe sak ki gwo yo an 3 oubyen 4 moso epi sak piti yo kite yo san koupe 4. Plante ti moso pubyen patat leve sa yo nan yon sòl ki byen prepare (byen gra) 5. Lè patat sa fini kouvri tè ak jenn branch nan yon 5 al 6 mwa konsa ou ka taye jenn branch sa

yo pou w ka fè plantasyon e se yo menm ki rele patat rejenere, plan patat pwisan.

Konsèy pou pwodiktè a nan jaden semans ak jaden pwodiksyon patat dous la.

1. Jaden plan patat oubyen semans la dwe genyen sèlman branch patat yo, sol la ak payaj ki fèt sèlman sa vle di move zèb oubyen raje pa ladanl (jaden semans rejenere).

2. Tout branch patat ou sispèk ki malad chanje koulè dwe rache nan jaden denswitman. 3. Tout patat ki genyen maladi tankou tyogann pa kapab fè plan nan jaden semans la pou lòt

lane. 4. Nou ankourajew mete plan patat jenn nan fè 4 a 5 jou atè poul ka degoute ak jete anpe nan

ansyen fèy yo avan ou plante li paske sa edel pran pi vit ak fè plis rasin. 5. Nou ankouraje w fouye bit patat la byen epi plante li nan sòl wouj ki pap kenbe dlo pou yo ka

pa pouri epi si se sòl nwè ou genyen ou ka plante patat tou men fòk ou leve bit la pi wo ke sa ki nan sòl wouj la paske dlo pa zanmi rasin ki genyen resèv lanmidon ladan yo tankou manyòk ak patat.

6. Nou konseye w mete pou pi piti 5 ne nan branch plan patat jenn nan anba tè paske patat se rasin sa vle di plis rasin ou genyen anba tè a se plis espwa patat ou genyen.

Foto pratik avan SIAA Foto Pratik SIAA Pratik SIAA modil 3: konsèy SIAA sou zafè kilti manyòk Plantasyon bwa manyok san regenere

Plan Koupe two long Manke ne donezon epi anbye

Bouti byen koupe men ki soti nan jaden malad san rejenere.

Rejenerasyon manyòk (rasin).

Keyi grenn manyok rek yo Seche epi plante ti grenn yo

Jaden grenn manyok semans pwisan rejenere

Rejenerasyon manyòk (rasin). 1. Nan rejenerasyon manyòk se grenn manyòk la nou plante 2. Avan nou plante grenn nan nou byen sechel epi aprè sa nou kale li. 3. Nou plante grenn nan nan yon tè byen gra (sòl) epi nou kap fouye twou a ak wou 4. Soti 8 pou rive 12 mwa nou kapab komanse koupe pye manyòk yo pou nou ka fè bouti pou

plantasyon Konsèy pou rejerasyon ak pwodiskyon manyòk 1. Pa bliye manyòk la wap manje a se yon rasin ki genyen rezèv lanmidon li ye. 2. Bwa oubyen plan manyòk la dwe koupe an won anba ne ou chwazi pouw mete anba tè a 3. Fòk ou bat pouw genyen 5 ne nan bwa plan manyòk la epi wap 4 ne anba tè pou w ka

genyen plis rasin anba tè a sa vledi genyen plis manyòk aprè donezon an. 4. Pa plante ti ne manyòk kout makak ak rèk se bwa manyòk ki genyen ne long pou nou fè

plantasyon. 5. Fòk nou rekolte manyòk soti 6 mwa pou rive nan 12 mwa pou plis tan paske li pral tounen

bwa. 6. Se pou nou rekòlte manyòk la lè nou wè fèy li fin rèk oubyen le fèy yo tonbe. 7. Nou pa dwe rekòlte manyòk la le li an jenn fèy sa vledi rezèv lanmidon an gentan boule nan

fè fèy pouse ak grandi.

Page 6: Intwodiksyon - Clio Haiti · paske anpil donezon oubyen gwo yanm pa egal ak gwo kòd yanm. 7. Yanm ki plis egzijan pou rejenere yo se yanm jòn (sigin) ak yanm ginen (blan) paske

Foto pratik avan SIAA Foto Pratik SIAA Pratik SIAA modil 4: konsèy SIAA kontwòl vètè ak pouriti oubyen nematòd nan banann

Plan banann ak asyen rasin

Plan banann ak zòn rasin

Plan banann bouda plat pa resiste nan gwo sechrès

Zòn pitit

Zòn rasin

Pwent kreyon kontwòl nematòd ak sechrès

Nou kite yon kanal pou van pase ki 2,50 m

Youn nan kilti ki pwopaje anpil maladi nan sòl la se kilti banann. Poun ka kontwole maladi ladanl SIAA pote yon amelyasyon nan pratik prepare plan banann ke nou rele Netwayaj Pwent Kreyon ak yon tranpe 24 trèd tan nan Konplèks-Manim-SIAA.

Men kijan nou fe netwayaj Pwent Kreyon an: 1. Nou chache identifye zòn pitit la nan pye banann nan sa vle di yon andwa ki chita kòl pi wo

zòn rasin nan nan ozanviwon demi pous. 2. Nou chache zòn rasin nan ki se kote tach oubyen vantrès banann nan rankontre ak pye

bannann nan oubyen yanm ki genyen rasin yo atache ladanl nan. 3. Nou kòmanse netwayaj la razad anba zòn rasin nan pou jis li rive nan zòn pwent kreyon an.

4. Fòk nou asire nou ke yanm plan banann nan byen blan ki se veritab pye banann nan epi li pa dwe genyen okenn ti mak pouriti nwè ki se kote nematòd ak vè ki konn ap nwi kote

plantasyon ansyen yo kote tap viv la. 5. Aprè sa nou dwe fè trètman pou yo ak Konplèks Manim-SIAA ki se yon ensektisid-fongisid. 6. Finalman ou mèt fè plantezon an oubyen plantasyon yo anba tè si jaden lajan epi debou si

se jaden manje. Itilite oubyen enpotans Netwayaj Pwent Kreyon an. 1. Li pèmèt nou lite ak elimime vètè ak pouriti banann ke nou rele nematòd la. 2. Li fè bannann nan pran pi vit paske nou netwaye tout ansyen rasin ki tap angòje nouvo rasin

yo. 3. Solèy pa kapab atake zòn sansib oubyen zòn chou banann nan anko paske pwent kreyon an

konsève frechè epi ralanti atak pouriti yo. 4. Li fe bannann ou reziste anpil kont sechrès paske li pouse rasin pi vit epi li gen yon zòn

pwent kreyon ki kenbe freche pou tann ti pye bannan byen rasinen nan sòl la. Plantatasyon rezistan an fas van 1. Nou netwaye plan banann yo sou prinsip SIAA-pwent kreyon. 2. Nou realize plantasyon nan mwa me pou sezon siklòn nan ka jwenn pye banann nan piti. 3. Si nou realize plantasyon yo lòt moman, plante tout banann sou liy dikwa ke lè meteyo

anonse siklòn nan pou nou ka koupe tout fèy banann a mwatye. 4. Bay banann ki donnen yo 3 bwa lè nou fini koupe tout fèy yo nan mitan 5. Nan jaden banann ki pa laplèn yo bezwen anpil fimye se payaj pou nou fè nan sans sa a. 6. Nou ankouraje nou plante jaden banann nou fè pou projè lajan nou yo anba tè, epi depi jou

plantasyon an pou rive 18 jou nou ka mare bèt ap manje sou jaden an paske banann ap leve sou 22 jou. Sof kochon pou nou pa mare sou banann nan pandan 18 jou sa a.

Chimen

van

Page 7: Intwodiksyon - Clio Haiti · paske anpil donezon oubyen gwo yanm pa egal ak gwo kòd yanm. 7. Yanm ki plis egzijan pou rejenere yo se yanm jòn (sigin) ak yanm ginen (blan) paske

Foto Pratik SIAA Pratik SIAA modil 5: konsèy SIAA kontwòl move zè nan jaden .

Kontwole move zè nan jaden sa vle di Kontwole pichon blan, pichon ma kafe, viris madras, bakteri nwizib, papiyon Blanch, towo kokoye, vètè banan, chini, mik nan grenn, tiwogan nan patat. Nan agwoekoloji nou pa detwi men nou kontwole sa vle di tout sa ki nan la nati genyen wòl oubyen empotans pa yo, men chak nou pedi anomi oubyen kontwòl la nati mete nan mitan you n ak lot la, youn vin yon nwizans pou lot. Nan agwoekoloji kontwòl yo se prevansyon yo ye sa vle nan bon kreyol se << evite miyò pase mande padon>> sa vle di nou pa geri maladi se evite nou evite maladi ak atak ensèk nan kilti nou yo. Koupe yo mwa davans Yo se pwazon pou jaden

Lè koupe move zèb move zèb yo fè grenn

Kontwòl 1. Kontwole tout move zèb. Fè yon ale vini nan jaden an pou w chache tout move zèb yo epi etidye karakteristik yo

Idantifye tout move zèb ki konn fleri ak fè grennn yo nan yon premye moman.

Aprè nou fin idantifye yo byen nap fè kòve koupe yo jenn anvan yo fleri

Si yo konn fè ti kòkòt oubyen ti yanm anba tè, idantifye zòn plant sa yo ye a.

Poun pa kontinye plante move raje oubyen move zèb sa yo, fòk nou pa prepare zòn sa yo ak wou ni ak disk traktè, se ak pikwa oubyen gwo fouchèt traktè pou nou prepare li, poun ka pa koupe ti yanm yo epi gaye yo anba tè ki genyen vi a ke nou rele sòl la.

Foto Pratik SIAA Pratik SIAA modil 6: konsèy SIAA sou kontwòl preparasyon sòl ak fouye.

Pike tè Tè ki gen lavi (15-22 jou)

Defoule sòl le pou van pase Lestomak sòl la fin travay

Sòl gra epi byen vantile ramase epi konpostaj

Bitaj pou plantezon yanm Fouye twou pwa ak wou

Preparasyon sòl la se yon kontwol li ye sa vle di se yon moman pou tè a netwaye tèt li fòk nou respekte twa gwo moman nou pral di la yo :

1. Nou debranche bwa nan tè nou pral fè jaden an yon mwa davans pou fèy bwa sa yo gentan pouri nan tè a, sa vle di bwa ki ka plante nan mitan jaden yo se bwa fèy yo pa pran plis ke yon mwa pou yo tounen te gra.

2. Pike ak pikwa ou ak wou kapab fèt nan yon tè platon sa vle di ki pandye. 3. Sekle ak wou oubyen ak machèt sa kapab fèt nan ka sòl mòn oubyen tè pandye pou dlo ka pa pote grès tè ale. 4. Aprè premye moman 1, 2, 3 fini oubyen sa yo rele moman debalizaj nan Grandans lan, kèlkilanswa sòl la

lestomak latè (ki se kritkèt yo, ravèt yo, fwomi yo, vètè yo, pichon yo, bakteri yo, zege yo, kokorat.) pran pou pi piti 15 jou pou rive 22 jou pou yo fin travay.

5. Travay saa lestomak la tè a vle di netwaye lat poul ka pase etap latè kri pou rive nan sol gras kote grès sòl la se kabon (C), kalsyòm (Ca), fosfò (P), potasyòm (K) sodyòm (Na) ak lòt toujou, ki empotan pou nouriti kilti yo.

6. Dezyèm pase a dwe dire 3 pou rive 5 jou, lè sa wap labouraj ak zannimo oubyen nou ka itilize rato tou poun ka mete te a nivo, detere vye res rache ak vye pouriti ki kache anba sol la pou yo kapab kangrenen pandan 3 rive 5 jou nan soley kise yon dezyem netwayaj.

7. Denye pase a se 2 jou pou rive 3 jou, apre pay ak deche kaka bet nou ranmase poun fe konpostaj oubyen sere yo nan fe payaj ak baraj ak yo.

8. Fouye twou pwa ak machèt nan sòl mòn epi ak wou nan tè platon 9. Bake oubyen fè koub nivo pou plante patat nan sòl mòn 10. Fouye bit yanm yo ak wou epi fè fondri yo ak pikwa 11. Rale bit yanm yo ak wou aprè nou fini kraze boul tè yo, li toujou bon pou nou melanje tè ki soti nan mitan twou

yanm yo ak pay sèch epi fèy twonpèt pou pèmèt van pase ak kontwole mayoka kap manje tibèkil yanm yo.

Page 8: Intwodiksyon - Clio Haiti · paske anpil donezon oubyen gwo yanm pa egal ak gwo kòd yanm. 7. Yanm ki plis egzijan pou rejenere yo se yanm jòn (sigin) ak yanm ginen (blan) paske

Foto Pratik SIAA Pwodiksyon, seleksyon ak trètman semans grenn yo seleksyon semans mayi

Mayi ki soti nan mitan jaden Mayi kap leve ak fòs

Plantasyon rezistan kont van ak lamanjaj aprè siklòn

Plantasyon frajil e kap toujou kraze nèt le siklòn

Diri mitan jaden an Triye, seche epi byen estoke

Rezilta sòl vivan ki pat boule. Chwazi bèl grap pitimi

Pwodiksyon semans gren Nan jaden nou fè pou manje ak vann yo nou tou rekòlte semans grenn yo tankou semans mayi, pwa, pitimi, diri ak lòt toujou. Prensip koman pou semans mayi, diri, pwa, pitimi…

1. Nou dwe antre nan mitan jaden an pou nou al fè chwa pi bèl pye pwa, mayi, pitimi, diri oubyen lòt kilti yo pou nou ka fè semans.

2. Fòk nou pa pran yo nan zòn kote jaden an te gentan atake ak maladi tankou madras, pichon ma kafe elatriye. 3. Nan ka mayi, diri ak pwa fòk grenn nan byen femen nan gous la oubyen nan po ki kouvri li a. 4. Nou dwe keyi li byen mi san tach enkoni epi tou li dwe rekolte avan rekòl manje yo nan jaden. 5. Semans nou rekolte yo pa dwe rete seche nan jaden yo, yo dwe al fini seche lakay yon kote apa poukont yo. 6. Semans mayi a, diri ak pwa lè yo fini seche byen sèch yo kapab fè yon tan konseve nan po. 7. Fòk nou repase semans yo solèy chak 20 jou pou yo ka pèdi imidite yo ramase nan anviwonman an. Prensip nou dwe aplike pou mayi selman

1. Eksperyans yo montre nan ka mayi a li pi bon pou n semans la konseve nan po a depi grenn nan zepi mayi pa pa parèt deyo ditou.

2. Lè yap grennen mayi pou plan fòk li pa pike epi fòk se grenn ki nan mitan zepi a pou nou chwazi paske se yo ki genyen plis fòs pou yo pouse bèl pye mayi.

3. Fòk mayi semans a pa keyi nan jaden mayi kote yo te koupe flech mayi (flè mal yo) yo bay bèt. 4. Fòk mayi yo pat rete sèch nèt jiskaske kou yo zepi pa kase nan jaden an Prensip nou dwe aplike pou diri sèlman

1. Fòk se pi bèl pye diri e ki gen pi gwo grap nan jaden an pou nou chwazi. 2. Fòk li byen seche epi konseve li ak tout po a paske li sevi kòm proteksyon. 3. Plantasyon an dwe realize ak tout po a pou evite atak ensèk. Prensip nou dwe aplike pou pitimi sèlman

1. Pitimi an li menm fòk se yon gwo grap epi fòk yo genyen gwo grenn. 2. Fòk semans pitimi an depaye epi konseve nan yon silo tradisyonel oubyen modèn paske ti po ki sou li an two

fen. Prensip pou lòt semans ki pa genyen anpil rezèv yo oubyen semans ti grenn piti yo.

1. Se pi bèl tomat la, papay la, piman ak berejèn an ki pou konsève pou semans. 2. Semans sa yo pa kapab seche nan gwo solèy sa vle di se nan lè pou nou yo seche li. 3. Se nan mitan papay la, piman, berejèn, tomat la pou nou pran grenn pou semans. 4. Yo pa dwe simen dirèkman nan tè sa vle di fòk nou fè platbann poun ka fè plantil yo grandi anvan plantasyon. 5. Nou pa dwe rache plantil nan platban n nan san nou pa aroze li anvan. 6. Plantil yo pa dwe ni two gwo ni two piti le nap transplante yo. 7. Nou pa dwe mete fèy bwa kouche dirèkteman sou platbann nan aprè nou fini semen semans yo se yon ti tonèl

pou nou fè razad platbann nan poun evite pèdi ti plant ki leve anvan yo.

Page 9: Intwodiksyon - Clio Haiti · paske anpil donezon oubyen gwo yanm pa egal ak gwo kòd yanm. 7. Yanm ki plis egzijan pou rejenere yo se yanm jòn (sigin) ak yanm ginen (blan) paske

Foto Pratik SIAA Pratik SIAA modil 7: konsèy SIAA sou pwodiksyon ak aplikasyon ensektisid-fonjisid. Fèy lila vèt ak wòwòl Fèy lila pile

3,5 kg pou yon galon Ma fèy yo se yon ensektisid

Lay diven kontwole pichon Fèy tabak sech pile

Pije nan paswa metalik Yon galon KMS

Pwodiksyon konplèks ensektisid fongisid (Konplèks ManiM-SIAA). 1. Wap keyi fey lila oubyen fèy nim yo. 2. Mezi nou pran an se yon ka sak ki vle 6.5 kilogram 3. Grenen yo byen grennen epi retire tout ti branch 4. Pile yo nan pilon byen fin, pou yo vin sanble ak yon pat vèt. 5. Mete 2 galon dlo nan yon gwo kivèt 6. Pran fey pile a vide li nan dlo a epi pije yo pou yo ka bay ji vèt yo genyen an. 7. Koule li byen kou nan yon paswa metalik pouw ka fe yon premye retire gwo ma 8. Mete premye jèl oubyen sòs vèt sa a nan yon kivèt. 9. Pou konplete ensektisid la poul atake pichon, chanpiyon ou dyondyon nan kilti yo nap pile byen fen 150 grenn

oubyen dan lay poul ka fe yon pat kole. 10. Dilye pat lay la nan sòs vèt la kote wap frote li ap pase nan paswa metalik la pou w retire ma yo 11. Yap bezwen 2 fèy tabak sèch edmi e si se vèt wap bezwen 5 fèy epi pile yo byen pile pou yo tounen yon pat kap

pran koulè jòn si yo te sèch epi kole vèt si fèy yo te vèt. 12. Nap foure pat sa andedan paswa metalik la poul ka melange ak fòs nim pandan 5 min epi apre nap frote li nan

kò paswa metalik la jiskaske li renn tout ji li te genyen ladan li 13. Sòs vèt nim, lay vyèlèt ak tabak ki se yon pòsyon kap ede plantè lite kont ensèk ak pichon a koulye byen fen

nan yon demi lòn twal blan dakoun. Tande byen, li byen pwès li pap koule vit se ak 5 dwèt ou pou ap brase li andedan twal poul ka fin koule e lap pran ozanviwon 20 minit poul fini koule.

14. Gèle oubyen sòs vèt ki rele Manim-SIAA pa dwe rete poze ou dwe vide li toutswit nan galon wap konseve li a, e li pa dwe rete kote limye ak bat oubyen fikse sou galon an.

15. Plis rete rasi li vini pi bon eli kapaba rete pou 12 mwa san pwoblèm.

Keyi grenn nim mi Tyoka yo nan pilon

Fè yo seche pandan 7 jou. Se Poudim-SIAA

Pwodiksyon poud nim kont ensèk : (Poudim-SIAA)

1. Keyi grenn mim ki byen mi 2. Tyoka grenn yo byen tyoka poun ka retire premye po ki sou grenn yo. 3. Seche yo byen pandan yon semenn nan bon solèy 4. Depaye yo nan pilon poun la retire po jòn ki sou zanmann grenn yo. 5. Triye zanmann grenn nan po jòn nan 6. Pile zanmann ki fè grenn yo byen fen nan pilon oubyen nan Moulin ki fèt pou sa. 7. Pase poud la nan paswa poul ka byen fen epi kontinye pile li pou jiskaske sa kaba. 8. Kite poud la rafredi poun pa estoke li tou cho. 9. Estoke li nan yon sache plastik nwa pou solèy pa pase andedanl 10. Lave pilon li te estoke a ak fab byen lave denswitman apre ou fini pile.

Page 10: Intwodiksyon - Clio Haiti · paske anpil donezon oubyen gwo yanm pa egal ak gwo kòd yanm. 7. Yanm ki plis egzijan pou rejenere yo se yanm jòn (sigin) ak yanm ginen (blan) paske

Aplikasyon Komplèks Manim-SIAA (KMS).

1. Manim-SIAA pap bay rezilta si lòt prensip agwoekolojik SIAA yo pa respekte se yon chèn kontwòl ki bay rezilta ansanm. Sa vle fòk sòl la byen prepare (15 pou rive 22 jou), fòk baryè viv yo fèt alawonnbadè nan jaden an, fòk kontwòl entèn ak plant medisinal yo respekte, fòk tranp koulè yo plase, fòk semans yo respekte nòm agwoekolojik SIAA ki di kijan ak ki kote yo dwe rekòlte semans, ki trètman yo dwe bayo epi finalman ki jan yo dwe estoke.

2. Aprè tout sa yo nou di avan yo fin respekte ou ka fè prevansyon ak Konplèks Manim-SIAA kote wap sekwe galon an pandan 15 fwa epi wap mete yon lit ki se yon ka galon nan yon awozwa oubyen yon pomp ki kenbe dlo: savle di yon lit nan 4 lit dlo si se yon galon.

3. Si se trètman wap eseye fè malgre nou menm agwoekològ se prevansyon nou dako, ou ka mete yon lit gèl oubyen sòs Konplèks Manim-SIAA nan demi galon dlo sa vle di yon lit Konplèks-Manim nan 2 lit dlo. Wap toujou fè aplikasyon an maten aprè la wouze fini tombe epi wap fè li pou pi piti 2 fwa nan senmenn nan.

4. Me se trètman a wap fè anvan ou fè platbann wap awoze tè a dirèkteman ak sòs komplèks Manim-SIAA maten avan ou awoze epi pouw ka simen semans nan platbannn aprè midi.

5. Nou ka itilize Konplèks Manim-SIAA poun konbat pou, tik, pichon ak pyas ki leve sou bet nan gadinaj yo, men fok se tout bèt twoupo a nou a nou fè trètman an. Le sa nap aplike sos Konplèks-Manim-SIAA jan li ye a sa vle di nou pap mete dlo ladanl sèlman sekwe li pandan 15 fwa.

Aplikasyon Poudim-SIAA 1. Li toujou pibon pouw aplike Poudim-SIAA aprè tou lòt prensip agwoekolojik SIAA yo te deja respekte. 2. Wap aplike Poudim-SIAA nan trètman ak konsevasyon semans ak gren epi le sa a wap plen yon gwo kiyè granmoun konn manje epi wap mete li nan

chak mamit pwa, mayi, pitimi. 3. Li ka edew kontwole pinèz, mouch blanch ak fronmi kap bwote semans aprè ou fini semen semans ou yo nan platbann, donk dòz la ou 3 gwo kiye wap

melanje ak yon lit Manim-SIAA epi wap ajoute melanj sa a nan 1 galon pouw ka fè flite zòn ou mete semans lan ou kote pichon, pinèz, fromi ap nwi jaden an.

4. Ou ka simen poud sa atè kote ou pral fè pil pay ak rès rekòl oubyen rès pay ki soti nan jaden yo aprè netwayaj poun kapab anpeche ensèk vini kache ak manje jaden nou.

5. Ou ka aplike yon dòz 2 kiye Poudim SIAA pou chak mèt kare touswit lè ou ap fè yon platband aprè ou fini simen semans la pouw ka kwape fromi, krikèt, ravèt, kalmason kap nwi ti plant nan platbann nou yo.