48
Tiliv Enfòmasyon pou Pasyan Nou Kontan Wè ou nan Jackson

Nou Kontan Wè ou nan Jackson Tiliv Enfòmasyon pou Pasyan · 2020. 9. 1. · revni, ras, gwoup etnik, konviksyon politik, sèks oswa preferans seksyèl moun yo. • Onètete ak Jesyon:

  • Upload
    others

  • View
    6

  • Download
    0

Embed Size (px)

Citation preview

  • Tiliv Enfòmasyon pou Pasyan

    Nou Kontan Wè ou nan Jackson

  • Byenveni............................................................4 • Mo Byenveni Direktè Jeneral nou Vis Prezidan e Ofisye chef exekitif • Misyon Nou ak Konviksyon Nou • Ekselans Sèvis • Enfòmasyon Prive Ou • Dwa ak Responsablite Ou • Pwosedi pou Fè Plent

    Sante ak Sekirite Ou......................................... 12 • Speak UP™ • Prekosyon pou pa Tonbe • Prekosyon pou pa Fè Enfeksyon • Kontwòl Doulè: Se Dwa Ou! • Medikaman • Braslè ID • Sèvis Manje ak Nitrisyon • Fimen • Aparèy Elektrik • Sèvis Sekirite

    Tan ou Pase nan Lopital la..............................18 • Estasyònman ak Sèvis Transpò • Atik Pèsonèl - Atik ki pèdi • Akomodasyon Ou - Chanm Ou - Kabann Lopital Ou - Lè w ap Rele Enfimyè Ou - Telefòn - Televizyon • Enfòmasyon pou Vizitè - Orè pou Vizit - Gid pou Fè Vizit - Manje pou vizite - Kafeterya, Kafe ak Machin Distribitè - Zòn pou rete Tann - Flè ak Balon • Lè Ou Prale Lakay ou

  • Sèvis nan Lopital.............................................26 • Ekip Swen Sante Ou • Jesyon Resous Klinik • Enstriksyon Davans • Entèprèt • Swen Pastoral • Sant pou Lamedsin San Transfizyon San ak Operasyon • Sèvis Famasi Jackson • Sèvis Pasyan • Magazen kado • Lapòs

    Bòdwo Lopital ou ak Dosye Medikal ou.......32 • Konsèy Finansye • Faktirasyon • Politik Finansye • Depans ki Asosye • Fason pou Jwenn Dosye Medikal Ou

    Enfòmasyon sou Jackson Memorial Hospital .36 • Apèsi • Swen Kalifye • Opòtinite pou Sèvi kòm Volontè • Jackson Memorial Foundation

    Sant Medikal Jackson Health System yo.......42 • Lòt Lopital Jackson Health System - Holtz Children’s Hospital - Jackson Behavioral Health Hospital - Jackson North Medical Center - Jackson Rehabilitation Hospital - Jackson South Community Hospital • Swen Sante ki Baze nan Kominote - Sant pou Premye Swen ak Swen Sante Espesyalite - Klinik Medikal ki Baze nan Lekòl

    Nimewo Telefòn yo nan Lopital Enpòtan.......46

  • • Mo Byenveni Direktè Jeneral nou Vis Prezidan e Ofisye chef exekitif

    • Misyon Nou ak Konviksyon Nou• Ekselans Sèvis• Enfòmasyon Prive Ou• Dwa ak Responsablite Ou• Pwosedi pou Fè Plent

    Byenveni

  • ByenveniSe yon plezi pou nou resevwa ou nan Jackson Memorial Hospital. Ou chwazi youn nan sant medikal ki gen plis respè nan lemonn, kote priyorite prensipal nou sitou se pou ba ou yon swen sante ki ekselan. Antan envite nou, ou kapab espre resevwa swen espè pwofesyonèl ki byen konnen sa y ap fè, epitou ki gen anpil konpasyon. N ap fè efò pou ofri ou pi plis pase sa ou espere a. Nou vle aprann kichòy tou nan eksperyans ou fè isit la. Poutèt sa, tanpri pa ezite di nou kijan nou kapab fè ou pi alèz pou tan w ap pase isit la.

    Sante ou ak byennèt ou se priyorite prensipal nou. Si ou gen kesyon sou swen sante ou, si ou bezwen èd pou konprann yon nouvo medikaman, oswa si ou ta senpleman bezwen jwenn plis sèvyèt pwòp pou twalèt ou, n ap kontan ede ou. Epitou, paske nou vle pou ou konprann tretman ou, epi pou pran desizyon apre ou fin resevwa enfòmasyon yo, tanpri fè nou konnen si nou kapab fè ou jwenn yon entèprèt, dokiman alekri, oswa nenpòt lòt bagay pou amelyore swen sante ou.

    Ekip ki nan Jackson Health Hospital fyè pou ba ou pi bon kalite swen sante a nan Konte Miami-Dade. Mèsi poutèt ou chwazi nou.

    Sensèman,

    Carlos A. Migoya Prezidan ak Ofisye Direktè Egzekitif an Chèf Jackson Health System

    5 | JACKSON MEMORIAL HOSPITAL

    Beverly Capasso Vis Prezidan e Ofisye chef exekitif Jackson Memorial Hospital

  • Misyon Nou ak Konviksyon NouJackson Health System

    “Yon sistèm sante akademik ki gen yon misyon swen sante piblik.”

    Deskripsyon Misyon

    Devlope sante kominote a lè nou ofri yon bon kalite swen senp ki gen gwo estanda pou moun k ap viv nan Konte Miami-Dade.

    Deskripsyon Vizyon

    Vizyon estratejik nou se pou jwenn rekonesans nasyonal ak entènasyonal, pou nou vin yon sistèm medikal akademik ki gen klas mondyal, epitou pou nou vin founisè tout moun chwazi pou resevwa bon kalite swen.

    Valè

    Men valè debaz ki fòme gid pou anplwaye Jackson Health System yo ofri swen pou pasyan yo ak kominikasyon avèk fanmi yo, vizitè yo, ak kòlèg travay yo:

    • Angajman: Nou pa janm sispann pran angajman nou pou pasyan nou yo, kominote

    nou ak pou chak lòt moun.

    • Konpasyon: Nou ofri anpil swen pou moun ki pi bezwen nou.

    • Konfidansyalite: Chak moun – keseswa yon pasyan, anplwaye oswa patnè biznis – gen dwa pou

    enfòmasyon prive. Nou konnen pasyan nou yo fè nou konfyans avèk enfòmasyon ki sitou

    pèsonèl pou yo. Nou konsidere sa kòm yon privilèj nou genyen pou kenbe enfòmasyon pèsonèl

    ou yo an sekrè.

    • Enklizyon: Antan yon enstitisyon, nou selebre diferans nou yo. Nou konnen divèsite nou

    fè nou pi fò ak pi efikas nan sèvi kominote nou an. Pòt nou louvri pou tout moun, kèlkeswa laj,

    revni, ras, gwoup etnik, konviksyon politik, sèks oswa preferans seksyèl moun yo.

    • Onètete ak Jesyon: Nou onèt, transparan, ak responsab pou tout desizyon ki konsène byennèt

    ak konfidansyalite pasyan nou yo, relasyon biznis nou ak lajan taks kominote nou an.

    • Respè: Nou montre respè pou pasyan nou yo, kòlèg travay nou yo, direksyon an ak kominote

    a lè nou fè pi bon djòb nou kapab chak jou.

    • Ekselans ak Kalite Sèvis: N ap fè anpil efò pou ekselans nan chak travay nou fè, kèlkeswa jan

    travay la piti oswa gwo.

    • Kolaborasyon ak Kominikasyon: Nou konnen nou ka sèvi malad nou yo pi byen lè nou travay

    ansanm kòm yon ekip.

    TILIV ENFÒMASYON POU PASYAN | 6

  • Ekselans SèvisNan Jackson Memorial Hospital, nou pran angajman pou fè tan ou pase nan lopital la amizan pou ou otank posib. Ou gen kontra avèk yon ajans endepandan ki gen reprezantan ki ka rele ou apre ou jwenn egzeyat ou pou fè yon entèvyou avèk ou konsènan sèvis ou te resevwa pandan nou t ap pran swen ou. Kòmantè ou enpòtan pou nou. Nou swete w ap fè kè kòmantè pou reponn sondaj sa a si yo kontakte ou.

    Enfòmasyon Prive OuLwa sou Pòtabilite ak Responsablite Asirans Sante (HIPAA) se yon règleman federal ki, pami lòt bagay, egzije òganizasyon swen sante yo pou pwoteje enfòmasyon pasyan yo kont divilgasyon ki pa apwopriye, sof lè yo itilize enfòmasyon yo pou tretman oswa pou lòt sikonstans espesyal.

    Chak pasyan ta dwe resevwa yon kopi avi konfidansyalite lopital la, ki dekri kijan yo itilize enfòmasyon medikal pasyan an, ak lè yo kapab divilge enfòmasyon medikal yo. Avi a disponib tou sou sitwèb nou, www.jacksonhealth.org. Fè yon rechèch pou “HIPAA Privacy Policy.”

    Pou jwenn plis enfòmasyon, tanpri kontakte Ofisye Konfidansyalite JHS nan nimewo 305-585-2980.

    7 | JACKSON MEMORIAL HOSPITAL

    Dwa ak Responsablite OuJackson Health System sipòte Deklarasyon Dwa ak Responsablite Pasyan nou rekonèt ki aplike pou tout pasyan, defansè ak/oswa responsab legal yo.

    • Yon pasyan gen dwa pou jwenn repons rapid ak rezonab pou kesyon ak demann li yo.

    • Si yon pasyan, yon defansè oswa yon responsab legal panse pasyan an pa resevwa

    tretman kòrèk li gen dwa san okenn laperèz pou vanjans, pou fè tande enkyetid/doleyans

    li konsènan swen sante li te resevwa a epi pou fè yo revize enkyetid/doleyans yo epitou

    pou yo pran yon rezolisyon pou sa. Enkyetid/doleyans yon pasyan p ap afekte kalite

    swen sante pasyan an resevwa a.

    • Dwa ak Responsablite Pasyan yo afiche nan zòn anrejistreman lopital la ak

    nan zòn ijans lan.

    • Anplwaye Jackson Health System yo resevwa edikasyon okonplè sou dwa ak

    responsablite pasyan yo.

  • TILIV ENFÒMASYON POU PASYAN | 8

    • Deziyen yon defansè

    • Gen aksè nan swen medikal ak enfòmasyon

    • Respè, diyite ak konsiderasyon

    • Enfòmasyon prive ak sekrè enfòmasyon yo

    • Swen sante nan yon anviwònman ki pwoteje

    • Enfòmasyon aklè sou eta sante ou ak

    swen sante ou

    • Patisipasyon nan desizyon k ap pran sou

    swen sante ou

    • Konnen non moun k ap ba ou swen sante a

    • Konsilte avèk lòt espesyalis medikal

    • Refize tretman

    • Gen aksè nan kominikasyon san restriksyon

    • Resevwa vizitè

    • Jwenn yon eksplikasyon sou frè lopital

    la reklame yo

    • Konnen règ ak règleman lopital la

    • Ranpli yon fòm enstriksyon davans

    • Fè lopital la revize plent ou yo

    • Jwenn sèvis relijye ak lòt sèvis espirityèl

    Responsablite Pasyan

    Konsènan swen sante yo resevwa a epi pou yo toujou kontinye resevwa swen sante a, chak pasyan gen responsablite pou:

    • Bay enfòmasyon ki egzat ak konplè pou lopital la ak moun k ap bay li swen sante a

    • Swiv enstriksyon yo

    • Toujou ale nan randevou yo

    • Pran responsablite ou pou aksyon yo fè

    • Respekte lòt moun yo

    • Peye bòdwo medikal yo

    • Swiv règ ak règleman lopital

    Si ou bezwen plis enfòmasyon, tanpri kontakte Biwo Sèvis Pasyan nan nimewo 305-585-7341, oswa konpoze ekstansyon 85-7341 nan nenpòt telefòn lopital la.

    Si ou gen nenpòt pwoblèm oswa konpliman ou ta renmen fè nou konnen, nou ankouraje ou pou kontakte Relasyon Pasyan.

    Dwa Pasyan

    Jackson Health System ak òganizasyon ki alatèt li, Public Health Trust, sipòte dwa pasyan ki anba la yo:

  • 9 | JACKSON MEMORIAL HOSPITAL

    Pwosedi pou Fè PlentSi ou gen yon plent, oumenm oswa manm fanmi ou kapab kontakte moun ki responsab zòn kote ou se yon pasyan, oswa doktè ou, enfimyè ou oswa, manadjè enfimyè ou. Si ou panse nou pa rezoud plent ou, oumenm oswa manm fanmi ou ta dwe kontakte Biwo Relasyon Pasyan nan nimewo 305-585-7341, oswa konpoze estansyon 85-7341 pandan ou andedan lopital la.

    Si ou vle fè yon doleyans, gen kondisyon debaz k ap eksplike ou kijan pou fè sa, tankou:

    • Yon pwosedi pou soumèt yon doleyans nan pawòl oswa alekri

    • Dèle pou lopital la revize doleyans

    • Yon desizyon ekri ki gen ladan:

    - Non moun pou kontakte a

    - Etap lopital la dwe pran pou mennen ankèt sou doleyans lan

    - Desizyon lopital la pran

    - Dat pou fini revizyon an

    Ou kapab pote plent tou nan eta Florid (Agency for Health Care Administration), kit ou te itilize pwosesis lopital la pou pote plent lan, kit ou pa t itilize li.

  • TILIV ENFÒMASYON POU PASYAN | 10

    Fason pou Pote Plent

    Pou fè konnen yon enkyetid/doleyans kont yon lopital oswa yon sant medikal mobil, yon pasyan, yon vizitè, yon defansè oswa yon responsab legal kapab rele Inite Èd pou Pasyan nan nimewo 1-888-419-3456 (answit peze 1) oswa voye yon lèt nan adrès sa a:

    Ajans pou Administrasyon Swen Sante

    Consumer Assistance Unit (Sèvis Asistans Konsomatè)

    2727 Mahan Drive, Building 1

    Tallahassee, FL 32308

    Pou fè konnen yon enkyetid/doleyans kont yon pwofesyonèl swen sante, tanpri kontakte Depatman Sante Florida nan nimewo 1-888-419-3456 oswa Inite Sèvis Kliyan nan 1-850-245-4339, oswa voye yon lèt nan adrès sa a:

    Division of Medical Quality Assurance

    Consumer Services Unit

    4025 Bald Cypress Way, Bin C-75

    Tallahassee, Florida 32399

    Pou fè konnen yon pwoblèm/doleyans ba The Joint Commission, itilize youn nan sa ki anba la yo:

    Nan entènèt: www.jointcommission.org/report_a_complaint.aspx

    Imèl: [email protected]

    Nimewo Faks: 630-792-5636

    Kourye: Office of Quality Monitoring

    The Joint Commission

    One Renaissance Boulevard

    Oakbrook Terrace, Illinois 60181

  • • Speak UP™ • Prekosyon pou pa Tonbe • Prekosyon pou Pa Fè Enfeksyon • Kontwòl Doulè: Se Dwa Ou! • Medikaman • Braslè ID • Sèvis Manje ak Nitrisyon • Fimen • Aparèy Elektrik • Sèvis Sekirite

    Sante ak Sekirite Ou

  • Speak Up™ Objektif Pwogram nasyonal Speak Up™ se pou ede pasyan yo jwenn plis enfòmasyon ak patisipe nan swen sante yo. Nan Jackson Memorial Hospital, nou kontan resevwa ou epi nou ankouraje patisipasyon ou nan swen sante ou. Pwen ki endike anba la yo se sijesyon toukout pou sa ou kapab fè.

    Pale fò si ou gen kesyon oswa pwoblèm. Si ou toujou pa konprann, mande ankò.

    Se kò ou epitou ou gen dwa pou konnen.

    Fè atansyon avèk swen sante w ap resevwa a. Toujou asire ou jwenn tretman ak

    medikaman ki kòrèk nan men pwofesyonèl swen sante ki kòrèk yo. Pa sipoze anyen.

    Edike tèt ou sou maladi ou. Aprann tès medikal ou fè yo ak plan tretman ou.

    Mande yon manm fanmi oswa yon zanmi ou fè konfyans pou sipòte ou

    (konseye oswa sipòtè).

    Konnen ki medikaman w ap pran ak pou ki rezon w ap pran medikaman yo.

    Erè medikal se erè ki pi komen nan swen sante.

    Pran sèvis nan yon lopital, yon klinik, yon sant operasyon, oswa lòt kalite òganizasyon

    swen sante ou te tcheke avèk atansyon. Pa egzanp, yon gwoup nasyonal agreman ki

    rele The Joint Commission vizite lopital yo pou wè si yo satisfè estanda kalite The Joint

    Commission. Jackson Memorial Hospital resevwa akreditasyon The Joint Commission.

    Patisipe nan tout desizyon sou tretman ou. Ou se poto-mitan ekip swen medikal ou.

    Gen yon tiliv ki disponib ki gen plis detay sou Pwogram Speak upTM. Ou kapab jwenn tiliv sa a nan Biwo Admisyon/Anrejistreman ak/oswa nan Biwo Sèvis Pasyan.

    Prekosyon pou pa TonbeJackson Memorial Hospital gen yon Pwogram Prekosyon pou pa Tonbe. Si oumenm oswa manm fanmi ou konn abitye tonbe, oswa si ou bezwen lòt èd, tanpri kontakte enfimyè ou.

    Apre yo prepare ou pou nwit lan, tanpri rete sou kabann ou. Zòn ou pa abitye avèk yo ak medikaman k ap fè ou dòmi ka reprezante yon danje sou desann kabann ou. Pou jwenn èd pandan lannwit, itilize bouton pou rele a.

    13 | JACKSON MEMORIAL HOSPITAL

    S

    P

    E

    A

    K

    U

    P

  • TILIV ENFÒMASYON POU PASYAN | 14

    Prekosyon pou pa Fè EnfeksyonLavaj Men

    Lavaj men se fason ki pi enpòtan pou pa fè enfeksyon. Tout travayè swen sante yo, ak pasyan yo, dwe lave men yo. Si sa pa fèt, tanpri fè enfimyè ou konnen sa.

    Lave men ou epi fè lòt moun yo sonje pou yo lave men yo tou. Itilize swa dezenfektan pou men oswa lave men ou apre ou itilize twalèt, anvan ou manje oswa apre ou manyen yon bagay ki sal. Si men ou sal yon fason ki vizib, lave men ou byen avèk savon ak dlo pandan 15 segonn. Pwofesyonèl swen sante yo gen obligasyon pou yo lave oswa dezenfekte men yo anvan ak apre yo wè yon pasyan. Vizitè ou yo ta dwe lave oswa dezenfekte men yo tou. Pwofesyonèl swen sante yo ta dwe gan lè y ap fè travay tankou pran san oswa manyen maleng oswa likid kò. Anplwaye yo ap kontan lè ou fè yo sonje pou yo lave men yo oswa pou yo mete gan.

    Fason pou Evite Enfeksyon Respiratwa

    Kouvri bouch ou ak nen ou lè w ap etènye oswa lè w ap touse. Pou fè sa, itilize klinèks oswa plwaye koub-bra ou. Klinèks ak mask disponib si ou mande yo. Tanpri itilize bagay sa yo si ou gen nen k ap koule epi/oswa si w ap etènye oswa touse. Tanpri sonje pou lave men ou, sitou apre ou etènye, touse oswa itilize yon klinèks.

    Vizitè/Konpayon

    Si vizitè oswa konpayon ou yo malad, ou ta dwe mande yo pou yo rete lakay yo.

    Vaksinasyon

    Lè ou jwenn admisyon ou nan lopital la, nou ka mande si ou vle pran yon vaksen kont grip oswa vaksen anti-nemokoksik. Vaksen sa yo efikas pou diminye transmisyon maladi a.

    Pano pou Prekosyon

    Gen kèk bakteri ki oblije ou pran mezi espesyal pou evite transmisyon enfeksyon – tankou Methicillin-Resistant Staphylococcus aureus (MRSA), Vancomycin-Resistant Enterococci (VRE) oswa Clostridium difficile (C-diff ). Enfeksyon sa yo kapab simaye nan kontak avèk rad, men, atik pèsonèl oswa ekipman swen sante.

    Si ou gen youn nan enfeksyon sa yo, n ap mete ou nan “izòlman” pou pa kite ou simaye enfeksyon an ba lòt moun. N ap mete yon pano nan pòt chanm ou, epi anplwaye yo ak vizitè yo ap gen obligasyon pou mete tòj pwoteksyon ak gan, epi nan kèk ka, y ap gen obligasyon pou mete yon mask. Ijyèn men enpòtan anpil pou evite simaye pwoblèm medikal sa yo. Si ou nan izòlman, pale avèk pwofesyonèl swen sante ou anvan ou kite chanm ou.

  • Kontwòl Doulè: Se Dwa Ou!Kisa doulè ye? Doulè se sansasyon ki endike ou yon bagay ka pa bon nan kò ou. Doulè kapab fè ou sant ou pè oswa enève. Fason nou jere sansasyon sa yo konsènan doulè se yon fason ki diferan pou chak nan nou.

    Èske mwen ta dwe fè founisè swen sante mwen konnen doulè mwen? WI! Bagay ki enpòtan pou ou konnen an sèke ou gen doulè toutbon epi se sèl oumenm ki konnen kijan ou santi ou. Fè pwofesyonèl swen sante ou (doktè, enfimyè, espesyalis terapi, elatriye) konnen kijan ou santi ou.

    15 | JACKSON MEMORIAL HOSPITAL

    MedikamanLè ou te jwenn admisyon nan lopital la, nou te mande ou pou bay yon lis tout medikaman w ap pran lakay ou ansanm ak nenpòt medikaman san preskripsyon oswa vitamin. N ap ba ou medikaman sa yo pandan ou nan Jackson Memorial. N ap jwenn medikaman yo nan famasi lopital la, epi yon enfimyè ap ba ou yo. Si ou vini avèk nenpòt nan medikaman sa yo nan lopital la, tanpri bay manm fanmi ou pote yo lakay ou, oswa fè enfimyè ou konnen sa pou li kapab mete yo sou kote pou pwoteje yo.

  • TILIV ENFÒMASYON POU PASYAN | 16

    Braslè ID Lè ou jwenn admisyon nan lopital la, nou te ba ou yon braslè idantifikasyon. Tanpri asire non ou ak dat nesans ou kòrèk. N ap idantifye tout tès ak pwosedi ki fèt pou ou yo avèk nimewo ak non ki sou braslè ou. Tanpri kite li toutan nan bra ou jouk lè ou sòti nan lopital la. Anvan ou resevwa yon medikaman, tretman oswa nenpòt lòt sèvis, asire ou bay non ou, epitou mande pou yo tcheke braslè ou.

    Sèvis Manje ak NitrisyonLopital la antreteni yon kuizin sèvis konplè pou ba ou rejim alimantè selon preskripsyon doktè ou yo, dapre preferans alimantè ak chwa ou yo apa. Dyetetisyen anrejistre nan ekip la ap evalye epi ba ou edikasyon sou rejim alimantè ki baze sou rekòmandasyon dyetetik doktè yo. Si ou gen nenpòt kesyon sou manje ou oswa sou rejim alimantè, tanpri rele Sèvis Nitrisyon ak Manje nan nimewo 305-585-3367 oswa 85-3367 nan yon telefòn lopital la.

    FimenUniversity of Miami/Jackson Memorial Medical Center deziyen kòm yon kanpis kote moun pa fimen. Nou pa aksepte moun fimen nan okenn nan bilding yo, oswa lòt kote nan lakou lopital la.

    Aparèy Menaje ElektrikAkòz règleman sou sekirite, ou pa ka vini nan lopital la avèk okenn aparèy menaje elektrik. Sa gen ladan sechwa cheve, aparèy pou bouyi dlo, ak lòt aparèy elektrik.

    Sèvis SekiriteLopital la gen pwòp ekip sekirite li k ap travay 24 èdtan pa jou. Yon enfimyè kapab ede ou kontakte Sèvis Sekirite a, oswa ou kapab rele yo dirèkteman nan nimewo 305-585-6111 oswa 85-6111 nan yon telefòn lopital la.

    Yon ajan sekirite disponib pou mache avèk ou oswa avèk vizitè ou yo nan kanpis medikal la nenpòt kilè. Pou fè aranjman yo, tanpri rele Biwo Sekirite a.

  • • Estasyònman ak Sèvis Transpò • Atik Pèsonèl - Atik ki pèdi • Akomodasyon Ou - Chanm Ou - Kabann Lopital Ou - Lè w ap Rele Enfimyè Ou - Telefòn - Televizyon • Enfòmasyon pou Vizitè - Orè pou Vizit - Gid pou Fè Vizit - Manje pou vizite - Kafeterya, Kafe ak Machin Distribitè - Flè ak Balon • Lè Ou Prale Lakay ou

    Tan ou Pase nan Lopital la

  • Estasyònman ak Sèvis TranspòGen plizyè garaj estasyònman nan sant medikal la. Se yon konpayi endepandan ki opere garaj estasyònman machin yo. Pou rapòte nenpòt pwoblèm oswa plent, ou kapab rele nimewo 305-585-6997.

    Sèvis estasyònman machin yo disponib nan antre C. Clark Diagnostic Treatment Center (Clark DTC).

    Nou bay rabè sou estasyònman machin yo pou pasyan ki pase twa (3) jou oswa plis jou nan lopital la ak pou manm fanmi yo. Pou jwenn plis enfòmasyon, tanpri kontakte Biwo Sèvis Pasyan, Paviyon Lwès 104. Si yon pasyan ki jwenn admisyon nan lopital la kondi machin pou vini poukont li, epi si li estasyone machin li nan nenpòt nan garaj nou yo, pasyan sa a ta dwe ale nan Sèvis Pasyan apre egzeyat li pou li jwenn rabè espesyal sou estasyònman machin li.

    Pasaje Metrorail yo kapab desann swa nan Civic Center Station oswa nan Santa Clara Station pou yo antre nan kanpis UM/Jackson Memorial Medical Center. Minisipalite Vil Miami ofri sèvis charyo gratis nan anpil pwen arè nan kanpis la. Pou jwenn yon kat sèvis transpò a oswa yon kat kanpis la, tanpri pase nan nenpòt biwo enfòmasyon nou yo oswa rele Sèvis Pasyan nan nimewo 305-585-7341 oswa 85-7341 nan yon telefòn lopital la.

    Atik PèsonèlTanpri pa pote objè ki gen valè nan lopital la; kite telefòn selilè, bipè, òdinatè pòtatif, bijou, kat kredi, chèk, lajan, oswa souvni santimantal lakay ou. Jackson Memorial Hospital pa responsab pou objè enpòtan oswa atik pèsonèl ou kite nan chanm ou. Enfimyè ou ta dwe mete objè enpòtan, tankou lajan, nan kòfrefò lopital la. Lajan ak objè enpòtan ou pa mete nan kòfrefò a ap rete deyò pou risk pa ou.

    Atik ki pèdi

    If you lose something, please notify your nurse immediately and call Guest Services at 305-585-7341 or 85-7341 from a hospital phone. We will make every effort to help you find it.

    19 | JACKSON MEMORIAL HOSPITAL

  • TILIV ENFÒMASYON POU PASYAN | 20

    Akomodasyon OuChanm Ou

    Chanm kote nou mete ou nan Jackson Memorial Hospital baze sou dyagnostik ou fè apre admisyon ou ak sou disponiblite kabann nan jou admisyon ou. Nou bay chanm prive yo lè yo disponib. Anjeneral, asirans medikal pa garanti pri konplè yon chanm prive.

    Kabann Lopital Ou

    Enfimyè ou ap montre ou kijan pou itilize kabann ou kòrèkteman. Kabann lopital la pètèt pi wo ak pi etwat pase kabann lakay ou. Ray ki akote kabann ou se pou pwoteksyon ou. Yo ta dwe monte ray yo pandan lannwit ak lajounen si w ap repoze, si w ap refè apre ou fè operasyon, oswa si w ap pran sèten medikaman.

    Lè w ap Rele Enfimyè Ou

    Genyen yon bouton pou rele enfimyè a. Li arebò kabann ou. Lè ou peze bouton an, pòs enfimri a konnen ou bezwen èd, epi yon limyè ap limen anlè pòt antre chanm ou. Yon manm pèsonèl ap reponn nan siyal ou san pèdi tan.

    Telefòn*

    Nou mete telefòn nan chak chanm. Pasyan yo ka resevwa koutfil nan chanm yo depi7 a.m. jiska 9 p.m. Ou ka fè koutfil lokal nenpòt lè nan chanm nan, depi ou konpoze “99” ak nimewo telefòn w ap rele a.

    Nou pa kapab voye frè pou peye pou apèl entè-iben yo nan chanm ou. Ou ka fè yon koutfil avèk yon kat kredi, oswa kapab itilize nimewo telefòn ou pou fè yon koutfil entè-iben. Pou fè apèl entè-iben yo, tanpri peze “0”, epi yon operatè ap ede ou.

    Zanmi ak manm fanmi ou yo kapab rele ou nan chanm ou depi yo konpoze nimewo telefòn prensipal lopital la, 305-585-1111, epi answit depi yo peze bouton 2, apre yo antre enfòmasyon bilding nan ak nimewo chanm ou, oswa depi yo peze bouton 3 pou enfòmasyon pasyan.

    Televizyon*

    Nou mete aparèy televizyon gratis nan chak chanm. Tanpri gen konsiderasyon pou lòt pasyan yo. Pou fè sa, toujou kite volim nan ba, epi etenn televizyon an lè ou pral dòmi

    *Gen telefòn yo ak televizyon pou pasyan ki gen pwoblèm pou tande, depi yo fè demann lan. Tanpri mande enfimyè ou oswa rele Sèvis Pasyan, 85-7341 nan yon telefòn lopital la.Visitor.

  • Enfòmasyon pou VizitèSwen sante pasyan yo se objektif prensipal nou nan Jackson Memorial Hospital. Pou nou kapab amelyore kalite swen sante a, nou mete anplas orè espesyal pou vizit ak règleman.

    Yon vizitè defini kòm yon envite pasyan an. Nou konsidere manm fanmi yo kòm vizitè tou. Tout vizitè yo ap jwi privilèj konplè ak egalego pou vizit ki annamoni avèk sa pasyan an pito.

    Orè pou Vizit

    Nou ankouraje vizitè yo pou yo vini nan orè vizit lopital la, ant 9 a.m. ak 9 p.m. Akòz kalite kritik sèten inite, pa egzanp, inite swen entansif, cham gerizon ak depatman ijans yo, orè vizit yo ka gen anpil restriksyon.

    Gid pou Fè Vizit

    Sa ki anba la a se gid jeneral pou vizitè yo:

    • Nou mande tout vizitè yo pou yo prezante bon jan pyès idantifikasyon nan Sèvis Sekirite a

    pou yo jwenn yon lese-pase pou yon jou anvan yo antre nan lopital la ak nan zòn malad yo.

    Nou aksepte vizit selon kondisyon pasyan an. Tanpri tcheke avèk enfimyè ki nan zòn kote

    pasyan an ye a.

    • Moun ki gen grip, gòj fèmal, oswa nenpòt maladi kontajye pa ta dwe vizite pasyan yo.

    • Nou aksepte de (2) vizit anmenmtan pou pasyan yo bò kabann yo.

    • Yon adilt ki pa malad la ta toujou dwe akonpaye timoun yo. Ou ta dwe fè aranjman

    pou vizit timoun ki poko gen laj 12 zan avèk enfimyè pasyan an, avèk pasyan an,

    oswa avèk reprezantan deziyen pasyan an.

    • Vizitè yo ta dwe rete kalm toutan, yo ta dwe evite fè bwi ki pa nesesè, epitou vizit yo

    ta dwe kout.

    • Nou ka mande vizitè yo pou sòti nan chanm nan pandan tès yo oswa pandan tretman

    yo, oswa lè doktè a oswa enfimyè a bezwen wè pasyan an anprive.

    • Vizitè yo pa ka fimen nan chanm pasyan yo, nenpòt kote andedan lopital la oswa nenpòt

    lòt kote nan lakou lopital la. Nou pa aksepte moun fimen nan UM/Jackson Memorial

    Medical Center.

    • Twalèt pasyan yo se sèlman pou pasyan yo itilize. Vizitè yo ta dwe itilize twalèt piblik yo.

    21 | JACKSON MEMORIAL HOSPITAL

  • TILIV ENFÒMASYON POU PASYAN | 22

    Manje pou vizite

    Ou kapab fè kòmann manje pou moun k ap vizite pasyan depi ou peye nan kafeterya a epi depi ou bay resi pou manje a ba asistan nitrisyon an k ap bay sèvis pou pasyan yo nan chak etaj. Ou kapab fè peman an selon repa oswa pa jou, davans oswa jan li nesesè. Asistan nitrisyon yo kapab pote manje vizitè a ansanm avèk manje pasyan an. Pou jwenn plis enfòmasyon, tanpri rele Sèvis Manje ak Nitrisyon (Food and Nutrition Services) nan nimewo 305-585-3367 oswa 85-3367 nan yon telefòn lopital la.

    Kafeterya

    Jackson Food Pavilion ki nan premye etaj Ira C. Clark Diagnostic Treatment Center louvri chak jou epi yo ofri plizyè kalite chwa manje. Sèvis kafeterya a disponib tou nan wikenn ak nan jou ferye.

    Orè Kafeterya a Chak Jou:

    Manje-maten 6 - 10:30 a.m.

    Manje midi 11 a.m. - 3:30 – 6 p.m.

    Dine 4:8 – 6 p.m.

    KafeYon kafe ki toupre kafeterya a louvri lendi jiska vandredi ant 6 a.m. jiska 5 p.m.

    Machin Distribitè

    Machin distribitè pou kolasyon ak bwason yo toupre kafeterya a ak toupatou nan kanpis la.

    Zòn pou rete Tann

    Sal-datant yo disponib pou vizitè yo nan lòbi prensipal yo toupatou nan lopital la. Nou deziyen sal-datant espesifik yo pou fanmi malad ki nan sal operasyon ak nan depatman ijans.

    Flè ak Balon

    Nou resevwa Flè ak Balon Mylar pou pasyan yo, sof nan inite swen entansif yo ak inite onkoloji a, kote yo ka bay enfeksyon. Nou pa aksepte balon latèks yo, ki kapab lakòz reyaksyon alèji, okenn kote nan lopital la.

  • Lè Ou Prale Lakay ouAnjeneral, lè pou pran egzeyat la se 11 a.m. Nou konprann dezi malad nou yo se ale lakay yo san pèdi tan, epi n ap fè tout sa ki posib pou satisfè dezi yo.

    • Doktè ou ap ekri yon lòd pou egzeyat ou. Anvan egzeyat ou, manm ekip lopital la ak

    doktè ou ap ba ou enfòmasyon konsènan swen ou lakay ou.

    • Manm ekip enfimri a ap prepare papye pou ba ou egzeyat, epitou y ap bay enstriksyon

    pou oumenm, yon manm fanmi ou oswa yon zanmi ou sou pwosedi egzeyat la.

    • Lè nou apwouve ou pou pran egzeyat ou, epi lè moman an rive, yon anplwaye oswa

    yon volontè lopital la ap ede ou pou ale nan lòbi prensipal la.

    23 | JACKSON MEMORIAL HOSPITAL

    Pòtay Pasyan MyJacksonHealthAksè Nan Randevou, Medikaman Ak Plis Sou Entènèt

    Avèk pòtay pasyan MyJacksonHealth, ou kapab konekte avèk dosye sante ou, epitou ou kapab mande randevou yo, anplis telechajman dokiman yo ak kenbe enfòmasyon ou yo ajou.

    Li fasil pou anrejistre – senpleman ban nou imèl ou pandan w ap anrejistre oswa nan moman egzeyat ou, epi w ap resevwa eksplikasyon yo nan yon envitasyon nan imèl nan 24 èdtan apre ou enskri. Aksè a gratis. Men kèk nan fonksyon nou yo:

    • Dosye Sante: Wè medikaman yo, iminizasyon yo, alèji, ak nòt sou sante, yo tout yon sèl kote.

    • Dokiman yo: Chaje dokiman klinik mande yo oswa enprime kopi otorizasyon ak referans ou

    te resevwa anvan yo.

    • Medikaman: Revize medikaman doktè preskri ou, tankou renouvèlman medikaman

    ak enstriksyon sou dòz yo.

    Tanpri ale sou sitwèb MyJacksonHealth.org pou jwenn plis enfòmasyon sou fason pou jwenn aksè sou entènèt nan enfòmasyon sou sante ou nan pòtay pasyan MyJacksonHealth.

  • TILIV ENFÒMASYON POU PASYAN | 24

  • • Ekip Swen Sante Ou • Jesyon Resous Klinik • Enstriksyon Davans • Entèprèt • Swen Pastoral • Sant pou Lamedsin San Transfizyon San ak Operasyon • Sèvis Pasyan • Magazen Kado • Lapòs

    Sèvis nan Lopital

  • Ekip Swen Sante OuPandan w ap resevwa tretman nan Jackson Memorial Hospital, w ap gen yon ekip pwofesyonèl swen sante ki patisipe nan swen sante ou. Ekip plizyè disiplin sa a ap amelyore sante ou.

    Kèk nan manm sa yo se:

    • Doktè k ap trete ou – doktè ki sipèvize tretman ou

    • Rezidan/Estajyè/Manm – doktè ki espesyalize nan yon domèn espesyal lamedsin

    epi ki kreye plan tretman ou

    • Enfimyè Pratisyen/Asistan Doktè – pwofesyonèl ki gen lisans epi ki travay anpil avèk doktè

    k ap pran swen ou nan planifikasyon swen sante ou

    • Enfimyè Diplome yo – planifye epi evalye swen sante ou chak jou, yo ba ou medikaman ak

    tretman, epitou yo ba ou edikasyon pou egzeyat ou

    • Famasyen yo – revize preskripsyon medikaman ou epi yo travay avèk doktè ak enfimyè ou

    pou asire ou jwenn terapi medikaman ki pwoteje ak egzat

    Men kèk nan lòt moun ki ka patisipe nan swen sante ou:

    • Dyetetisyen Klinik

    • Ekip Enfimyè Sipò

    • Travay sosyal yo

    • Etidyan Enfimri/Etidyan Lamedsin

    Jesyon Resous Klinik (Jesyon Dosye Ak Travay Sosyal)Plan pou egzeyat ou kòmanse depi nan admisyon ou. Travayè sosyal yo ak kowòdonatè swen klinik yo resevwa fòmasyon espesyal pou ede ou avèk sa ki anba la yo:

    • Enstriksyon Davans / deziyasyon Mandatè Swen Sante

    • Swen sante nan kay selon rekòmandasyon doktè ou

    • Bezwen ekipman selon rekòmandasyon doktè ou

    • Plasman nan yon lòt sant swen sante selon rekòmandasyon doktè ou

    (kay retrèt, sant pou viv avèk èd)

    Ou ka kontakte Jesyon Resous Imèn nan nimewo 305-585-7141, peze #3.

    27 | JACKSON MEMORIAL HOSPITAL

  • TILIV ENFÒMASYON POU PASYAN | 28

    Enstriksyon DavansAnpil moun jodi a gen enkyetid pou desizyon swen medikal yo ta pran pou yo si yo vin malad grav, epitou si yo pa kapab pale pou tèt yo. Lwa Florida pèmèt ou fè konnen sa ou vle yo, epi/oswa li pèmèt ou chwazi yon moun pou pran desizyon yo pou ou, avèk yon fòm ki rele yon enstriksyon davans. Gen de (2) kalite enstriksyon davans: testaman byolojik ak mandatè pou swen sante.

    Pou jwenn yon eksplikasyon pi detaye, tanpri mande enfimyè ou oswa kowòdonatè Sèvis Pasyan yon kopi tiliv Jackson sou enstriksyon davans. Si ou vle fè yon enstriksyon davans, oswa si ou gen youn ou vle mete nan dosye medikal ou, mande pou wè yon travayè sosyal.

    Swen PastoralDepatman Swen Pastoral nou gen reprezantan nan tout afilyasyon relijye. Si ou vle nenpòt ladan yo vizite ou, tanpri rele nimewo 305-585-2529 oswa 85-2529 nan yon telefòn lopital la, lendi jiska vandredi ant 8 a.m. ak 5 p.m. Pou mande yon omonye vizite ou apre lè biwo fèmen, nan wikenn ak nan jou ferye, kontakte operatè bipè a nan nimewo 305-585-5400, oswa fè enfimyè ou konnen sa.

    Nat Galley & Gertrude Galley Glucksman Chapel

    • Chapèl la ki nan premye etaj Paviyon Lwès la, louvri pou tout moun.

    • Sèvis pou Tout Lafwa: Jou lasemèn a 8 a.m., epi jou dimanch a 12 p.m.

    • Sèvis Katolik: Jou lasemèn a 11:45 a.m., epi jou dimanch a 3:30 p.m.

    • Lapriyè Mizilman: Lapriyè mizilman yo fèt nan sal lapriyè 223, masjid, ki nan Institute

    Annex, 2yèm etaj, ki louvri chak jou tou. Tanpri bipe Mesye Shaffiat Karmally nan nimewo

    305-486-3020 pou jwenn plis enfòmasyon.

    EntèprètJackson Memorial Hospital ka jwenn entèprèt lang pale ak entèprèt langaj siy, 24 èdtan pa jou, sèt (7) jou pa semèn. Nou bay sèvis la gratis pou pasyan nou yo. Si ou bezwen yon entèprèt, tanpri fè enfimyè ou konnen sa.

  • Sant pou Lamedsin San Transfizyon San Ak OperasyonJackson Memorial Hospital ak Jackson Rehabilitation Hospital, nan afilyasyon yo avèk University of Miami Leonard H. Miller School of Medicine, bay posiblite pou lamedsin san transfizyon san ak operasyon kòm yon sèvis espesyal pou pasyan adilt ak pasyan timoun ki pa vle pran san.

    Nou ta renmen asire oumenm ak moun pa ou yo kapab resevwa tretman medical oswa tretman chirijikal san transfizyon san kèlkeswa lè ou vle. Ou kapab kontakte sant lan nan nimewo 305-585-7269 oswa nan imè[email protected].

    29 | JACKSON MEMORIAL HOSPITAL

    Sèvis Famasi JacksonJackson Health System angaje pou amelyore kalite lavi pou pasyan nou yo sou plan lokal ak tout kote sou latè. Nou rekonèt lè yon pasyan kòmanse terapi medikaman epi lè li rete ladan sa kapab plis pase yon defi lè gen pwoblèm medikal ki kwonik ak konplike. Nan pati Jackson, anplwaye famasi a kapab travay avèk pwofesyonèl swen sante ou pou asire OU resevwa nivo swen sante siperyè. Men kèk nan avantaj Sèvis Famasi Jackson:

    • Nou estoke medikaman espesyalite ki pa disponib nan plizyè famasi detayan lokal

    • Paske nou se pati Jackson Health System, nou gen aksè nan anpil pwogram epay

    ki pa disponib nan famasi deyò yo.

    • Verifikasyon rapid avantaj yo ak konsiderasyon – pifò preskripsyon nou travay sou

    yo anvan ou kite kanpis/lopital/klinik lan

    • Aksepte pifò plan asirans yo

    • Kowòdonatè Èd Finansye yo ede diminye depans avèk lajan pòch ou nèt

    • Èd pou jwenn Otorizasyon Davans

    • Aksè 24 èdtan pa jou ak 7 jou ap semèn nan famasi espesyalite yo

    • Livrezon medikaman nan kay, nan biwo oswa nan klinik doktè ou

    • Kowòdonatè Swen Sante Pasyan ede fè ou sonje pou renouvle medikaman ou ak

    kontwòl fason pou pran dòz yo

    • Famasi espesyalite ki kapab bay èd pou kontwole efè segondè ak edikasyon

    espesyal sou maladi

    Nou pare pou sèvi ou! Rele nou nan nimewo 305-585-3996 oswa nan nimewo gratis nan 855-213-2788 oswa ale sou entènèt nan sitwèb nou nan JacksonPharmacyServices.com. Nou toupre Dunkin Donuts pou avantaj ou.

  • TILIV ENFÒMASYON POU PASYAN | 30

    Sèvis PasyanNou gen kowòdonatè Sèvis Pasyan pou ede pasyan lopital la ak pasyan klinik yo pou nenpòt kesyon, pwoblèm, oswa sijesyon yo genyen. Biwo Sèvis Pasyan nan Lòbi Paviyon Lwès, sal 104. Ou ka rele nimewo 305-585-7341 oswa 85-7341 nan yon telefòn lopital la.

    Magazen KadoMagazen Kado yo nan Lòbi Paviyon Lwès la epi yo nan etaj anba Park Plaza West (Green) Parking Garage.

    LapòsYo pote lèt ak pake pou malad yo chak maten. Si gen kourye ki vini pou ou apre ou egzeyate, n ap retounen yo ba moun ki voye yo a. Ou ka remèt kourye ou genyen ki prale ba yon manm ekip la. Bwat-a-lèt yo deyò Lòbi Paviyon Lwès la epi devan Au Bon Pain nan Park Plaza West (Green) Parking Garage.

  • • Konsèy Finansye • Faktirasyon • Politik Finansye • Depans ki Asosye • Fason pou Jwenn Dosye Medikal Ou

    Bòdwo Lopital ou ak Dosye Medikal ou

  • Konsèy FinansyeTout pasyan ki jwenn admisyon nan lopital la san finansman ap resevwa vizit youn nan konseye finansye pandan admisyon yo. Moun sa a ap fè yon entèvyou avèk ou, epitou l ap ede ou idantifye pwogram finansye ki ka disponib pou ede ou.

    FaktirasyonSi ou gen nenpòt kesyon konsènan bòdwo ou oswa règleman finansye nan Jackson Memorial Hospital, tanpri kontakte Sant Sèvis Kliyantèl la nan nimewo 877-877-881-6177 apre ou fin pran egzeyat ou. Sant lan louvri depi 8 a.m. jiska 4 p.m., epi li fèmen ant 12:15 p.m. ak 1 p.m., Lendi jiska vandredi.

    33 | JACKSON MEMORIAL HOSPITAL

    Politik FinansyeRègleman finansye Jackson Health System la pou pèmèt nenpòt moun ki bezwen swen sante enpòtan oswa ki gen yon ijans resevwa swen sante a san nou pa konsidere sitiyasyon finansye li oswa mwayen li pou peye.

    Answit, objektif nou se pou ofri estabilite finansye pou lopital la, ak pou peyè endepandan yo. Pou fè sa, nou asire tout malad ki gen mwayen finansye yo peye bòdwo yo fè sa nan yon mannyè apwopriye. Youn nan sous prensipal revni lopital la pou depans fonksyònman yo se revni nan pasyan li yo; poutèt sa, nou mande kolaborasyon ou nan satisfè obligasyon finansye ou.

    Si ou prevwa nenpòt difikilte konsènan peman pou kantite tan ou pase nan lopital la, tanpri kontakte Sant Sèvis Pasyan nou nan nimewo 877-881-6177.

  • TILIV ENFÒMASYON POU PASYAN | 34

    Depans ki AsosyeOu ka resevwa lòt bòdwo doktè ki te ba ou swen sante pandan ou te yon pasan nan Jackson Memorial. Pa egzanp, doktè ou, radyològ ou, patolojis ou ak doktè anestezis University of Miami ou pa anplwaye lopital la. Yo ka voye bòdwo apa ba ou pou sèvis konsiltasyon yo. Tanpri kontakte biwo yo dirèkteman si ou gen nenpòt kesyon konsènan bòdwo yo.

    Fason pou Jwenn Dosye Medikal ouDepatman Jesyon Enfòmasyon Jackson konsève dosye medikal pou avantaj pasyan yo epi yo pwoteje aksè nan enfòmasyon sekrè yo.

    Ou kapab mande yon kopi dosye medikal konplè ou oswa dokiman espesyal ou yo an pèsòn oswa pa lapòs.

    Depatman an egzije yon fòm Otorizasyon pou Divilgasyon Dosye Medikal Sekrè, ou kapab telechaje nan sitwèbwww.JacksonHealth.org/patients-medical-records.asp oswa ou kapab jwenn li an pèsòn.

    Pozisyon depatman an se:

    Health Information Management Department

    Jackson Memorial Hospital

    Ambulatory Care Center West, Room L-129

    1611 N.W. 12th Avenue

    Miami, Florida 33136

  • • Apèsi • Swen Kalifye • Opòtinite pou Sèvi kòm Volontè • Jackson Memorial Foundation

    Enfòmasyon sou Jackson Memorial Hospital

  • Lopital Jackson MemorialJackson Memorial, lopital vedèt Jackson Health System ki gen 1,558 kabann, se twazyèm pi gwo lopital ansèyman piblik nan Etazini nan yon afilyasyon akademik avèk University of Miami Leonard M. Miller School of Medicine. Jackson Memorial se yon lopital ki bay swen sante ki dire yon tan kout ak yon sant fòmasyon pou doktè ak lòt pwofesyonèl swen sante ki sòti tout kote sou latè. Li te resevwa anpil ak yon pakèt rekonpans, sètifika ak rekonesans pou lamedsin, enfimri, rechèch ak swen sante pasyan. Jackson Memorial te louvri nan dat 25 jen 1918, sou non Miami City Hospital.

    Kèk nan pwogram li ki jwenn rekonesans nasyonal se:

    • Ryder Trauma Center

    Ryder Trauma Center ki nan University of Miami/Jackson Memorial Medical Center, se sèl

    sant twomatis Nivo 1 pou adilt ak timoun ki nan Konte Miami-Dade. Li se youn nan sant

    twomatis ki gen plis aktivite tou nan peyi a, epitou li se sèl sant Fòs Lame Etazini chwazi pou

    fòme ekip chirijikal militè li yo anvan yo deplwaye yo nan zòn konfli lemonn. Nan ane 2012,

    Ryder te fete 20 tan li pou sèvis li bay kominote a.

    • UM/JM Burn Center

    University of Miami/Jackson Memorial Burn Center se youn nan sant tretman brili peyi a depi

    fondasyon li nan ane 1965. Li se sèl sant pou kalite li nan Konte Miami-Dade epi, depi ane

    2008, li se youn nan sèlman twa (3) nan eta a ki gen verifikasyon American Burn Association

    (ABA) and American College of Surgeons.

    • The Schatzi and Stanley Kassal Project: Inite Swen Entansif Apre Akouchman pou Nouvo Tibebe

    The Schatzi and Stanley Kassal Project: New Born Neonatal Intensive Care Unit (NICU) nan

    Holtz Children’s Hospital se yon Sant Swen Entansif Rejyonal Apre Akouchman eta Florida

    deziyen epi li gen fyète pou pi bon pousantaj moun li ede viv ak rezilta li yo nan peyi a avèk

    siksè. Li se youn nan pi gwo NICU nan peyi a, li gen rekonesans mondyal pou rechèch dènye

    modèl li pou amelyore swen sante apre akouchman a siksè li nan bay swen pou timoun ki

    malad nan yon nivo kritik.

    • Miami Transplant Institute [Enstiti pou Transplantasyon nan Miami

    Miami Transplant Institute (MTI) se yon pwogram komen ant Jackson Memorial Hospital ak

    University of Miami Miller School of Medicine. Pwogram nan te kòmanse nan mwa oktòb 1970

    epi li devlope pou vin youn nan sant grèf ki pi gwo ak pi jeneral nan lemonn. Li se sèl sant nan

    Florida kote ou kapab jwenn chak kalite grèf ògàn solid. Yo fè plis pase 500 pwosedi chak ane

    ansanm ak grèf ren, pankreyas, fwa, entesten, kè ak poumon. Pou plis enfomasyon sou program

    pati nan ko moun ou ka resevwa nan Miami Transplant Institute (MTI), tanpri rele nan nimero sa

    a 305- 355-5000.

    37 | JACKSON MEMORIAL HOSPITAL

  • Swen KalifyeJackson Memorial Hospital resevwa akreditasyon total The Joint Commission. Yo aksepte apwobasyon li toupatou nan peyi a kòm pi gwo mak kalite nan domèn swen sante. Pou oumenm ak fanmi ou, se asirans ki endike lopital sa a satisfè pi gwo estanda swen posib yo.

    Yo te kreye Jackson Memorial pou pran swen moun ki malad ak moun ki pran chòk kèlkeswa ras moun nan, kwayans li, koulè li, si li se fanm oswa gason, preferans seksyèl li, idantite seksyèl li, ekspresyon seksyèl li, nasyonalite li oswa andikap li. Objektif nou se pou ofri swen avèk konpasyon ak efikasite pandan n ap respekte diyite ak dwa chak pasyan.

    Kote nou se Manm

    • Asosyasyon Lopital Ameriken

    • Federasyon Sistèm Sante Ameriken

    • Asosyasyon Nasyonal Lopital Piblik

    • Asosyasyon Eta Florid pou Administrasyon Swen Sante Akreditasyon

    Akreditasyon

    • Kolèj Patolojis Ameriken

    • The Joint Commission Apwobasyon Pwogram

    • Komisyon an sou Akreditasyon nan Enstalasyon yo Reyabilitasyon (CARF)

    • American Burn Association

    • American College of Surgeons

    Apwobasyon Pwogram

    • Depatman Sante ak Sèvis Sosyal pou Patisipasyon nan Pwogram Medicare

    • Depatman Sante Eta Florida ak Sèvis Reyabilitasyon pou patisipasyon

    nan Sèvis Medicaid

    TILIV ENFÒMASYON POU PASYAN | 38

  • Opòtinite pou Sèvi kòm VolontèAnrichi lavi ou lè ou vin yon volontè. Jackson Health Hospital ofri pwogram ki inik ak posiblite pou sèvis volontè pou pwofesyonèl yo, granmoun aje yo, etidyan yo, fanmi yo, ak gwoup yo. Resevwa yon sans reyalizasyon, eksperyans, ak rekonesans. Envesti nan tèt ou, epi bay tan ak enèji ou pou ede malad yo, fanmi yo, ak pwofesyonèl swen sante yo.

    Pwogram Volontè bay posiblite jeneral sa yo pou sèvi kòm volontè:

    • Granparan Adoptif

    • Pwogram pou Granmoun Aje Retrete Sèvi kòm Volontè

    • Adilt

    • Adolesan

    • Klib Apre Biwo Fèmen Club (Anplwaye JHS ak UM)

    • Don

    • Pwogram Konseye sou Grèf

    Pou jwenn plis enfòmasyon, tanpri ale nan sitwèb nou, JacksonHealth.org, oswa rele nimewo 305-585-6541. Pou pwogram konseye sou grèf nou, rele nimewo 305-355-5135 oswa 305-355-5138.

    39 | JACKSON MEMORIAL HOSPITAL

  • TILIV ENFÒMASYON POU PASYAN | 40

    Jackson Health FoundationJackson Health Foundation se yon òganizasyon non-komèsyal 501(c)(3) ki sèvi kòm sous prensipal aktivite prive pou ranmase lajan pou Jackson Health System.

    Misyon Jackson Health Foundation se pou kreye yon kominote ki pi an sante nan patenarya nou avèk Jackson Health System. Pou jwenn enfòmasyon sou Jackson Health Foundation, tanpri ale nan sitwèb www.jmf.org oswa rele nimewo 305-585-GIVE.

  • • Lòt Lopital Jackson Health System Hospital yo - Holtz Children’s Hospital - Jackson Behavioral Health Hospital - Jackson North Medical Center - Jackson Rehabilitation Hospital - Jackson South Community Hospital • Swen Sante ki Baze nan Kominote - Sant Swen Sante Primè Ak Swen Sante Espesyalite - Klinik Medikal ki Baze nan Lekòl

    Sant Medikal Jackson Health System yo

  • Sant Medikal Jackson Health System yoHoltz Children’s Hospital, 1611 N.W. 12th Avenue

    Holtz Children’s Hospital se youn nan pi gwo lopital timoun ki

    nan sidès Etazini, epi nan tèt ansanm avèk Miami Transplant

    Institute, li se youn nan twa (3) sant nan peyi a ki espesyalize

    nan grèf plizyè ògàn sou timoun. Holtz se kay tou pou youn

    nan pi gwo inite swen entansif apre akouchman nan peyi a,

    epi li bay kèk nan pi bon rezilta medikal yo nan Etazini. Pwojè:

    Schatzi Kassal New Born Neonatal Intensive Care Unit se yon

    sant referans rejyonal ki gen 126 kabann, 66 ladan yo fòme pi gwo sant medikal Nivo 3 nan swen

    sante pou timoun ki malad anpil sou plan kritik. U.S. News & World Report klase Holtz souvan pami

    “America’s Best Children’s Hospitals”.

    Jackson Behavioral Health Hospital, 1695 N.W. 9th Avenue

    Jackson Behavioral Health Hospital nan UM/Jackson

    Memorial Medical Center. Lè lopital la gwoup tout fonksyon

    sante konpòtmantal – evalyasyon, tretman klinik, ansèyman

    ak rechèch – lopital la ofri yon plizyè kalite swen sante pou

    timoun, adolesan, adilt ak granmoun aje, tankou kriz, pasyan

    ki entène, ospitalizasyon, tretman lajounen ak pwogram pou

    pasyan ki pa entène. Kèk nan pwoblèm medikal yo trete yo

    se depresyon ak twoub imè, eskizofreni, lide oswa konpòtman pou moun touye tèt yo, gwo-gwo

    enkyetid ak twoub panik, abi dwòg ak alkòl, maladi Alzheimer, ak pwoblèm abi fizik ak seksyèl.

    Lopital la ofri evalyasyon gratis an sekrè ak sèvis rekòmandasyon.

    Nan Jackson Behavioral Health Hospital ak yon rezo pwofesyonèl swen sante kominotè, Jackson

    Behavioral Health Services bay yon bon meni sèvis pou pasyan ki pa entène ak sèvis rezidansyèl.

    Jackson Behavioral Health ki nan Jackson North, Jackson South ak nan rezo Jackson North

    Community Mental Health Center, yo ofri pwogram pou abi alkòl ak dwòg, kontwòl kòlè ak estrès,

    ak lòt pwoblèm medikal.

    Jackson North Medical Center, 160 N.W. 170th Street

    Jackson North se yon lopital kominotè ki gen 382 kabann,

    epi k ap sèvi moun ki abite nan nò konte Miami-Dade ak sid

    konte Broward. Li se yon afilye akademik Florida International

    University Herbert Wertheim College of Medicine. Sèvis

    medikal yo gen ladan swen pou ijans pou adilt ak timoun 24

    èdtan pa jou, swen nan matènite ki gen ladan yon inite swen

    entansif Nivo 2 pou tibebe ki fèk fèt, sèvis kadyoloji ki gen bon

    repitasyon, sante fanm, òtopedik, operasyon, epi reyalizasyon pasyan ki entène ak pasyan ki pa entène.

    Li se kay tou pou sant espesyalize tankou Endovascular Institute, Fibroid Treatment Center, Pain

    Center ak The Gastric Sleeve Center (ASMBS Bariatric Surgery Center of Excellence®).

    43 | JACKSON MEMORIAL HOSPITAL

  • PATIENT INFORMATION HANDBOOK | 44

    Jackson Rehabilitation Hospital, 1611 N.W. 12th Avenue

    Jackson Rehabilitation Hospital espesyalize nan reyabilitasyon

    adilt ak timoun ki gen chòk twomatik nan sèvo ak nan mwèl

    epinyè, brili ak chòk nan men. Li resevwa akreditasyon

    Commission on Accreditation of Rehabilitation Facilities epi li se

    youn nan kat (4) sant nan eta a Depatman Sante Florida ak Sèvis

    Reyabilitasyon deziyen pou swen sante pou yon tan kout ak

    swen reyabilitasyon pou moun ki pran chòk nan mwèl epinyè.

    Jackson South Community Hospital, 9333 S.W. 152nd Street

    Jackson South se yon lopital ki gen 199 kabann, ki trete

    maladi grav, epi ki nan sid Konte Miami-Dade. Jackson South

    bay plizyè kalite sèvis ak sou-espesyalite nan pratik doktè

    ak pwofesyonèl swen sante yo respekte sou plan nasyonal

    epi ki gen sètifika konsèy la. Kèk nan sèvis enpòtan Jackson

    South se operasyon wobotik, The Gastric Sleeve Center

    (ASMBS Bariatric Surgery Center of Excellence®), kadyoloji,

    Comprehensive Breast Center, sante dijestif, matènite, reyabilitasyon ak Urology Center of Excellence.

    Swen Sante ki Baze nan KominoteSant pou Premye Swen ak Swen Sante Espesyalite:

    Jackson Health System opere sant swen sante primè ak sant swen sante espesyalite toupatou nan Konte Miami-Dade. Eleman enpòtan misyon Jackson se pou ankouraje epi konsève sante fizik kominote a, sant swen sante primè yo bay sèvis tankou sant timoun ki an sante, kontwòl maladi kwonik ak swen sante anvan akouchman. Sant swen sante espesyalite a, yon pati k ap grandi nan rezo Jackson, bay tretman ki inik ak dènye kalite nan domèn tankou kadyoloji ak sante dijesyon.

    Swen Sante ki Baze nan Kominote:

    Tout kote nan Konte Miami-Dade, Jackson Health System opere 18 pwogram swen sante nan lekòl primè, lekòl pre-segondè ak lekòl segondè avèk sipò The Children’s Trust. Elèv yo resevwa premye sekou, vaksinasyon, egzamen fizik nan lekòl, edikasyon sou sante, konsèy ak referans.

    TILIV ENFÒMASYON POU PASYAN | 44

  • Nimewo Telefòn yo nan Lopital EnpòtanSi zòn ou vle kontakte a pa endike anba la a, senpleman rele nimewo prensipal lopital la, 305-585-1111, epi chwazi 4 pou enfòmasyon yo.

    Sant pou Lamedsin San Transfizyon San ak Operasyon ..................................... 305-585-7269

    Jesyon Resous Klinik .............................................................................................. 305-585-7141

    Randevou pou Evalyasyon Finansye ..................................................................... 305-585-6000

    Ransèyman sou Finans/Faktirasyon (Sant Sèvis Pasyan) ................................... 877-881-6177

    Sèvis Pasyan ............................................................................................................ 305-585-7341

    Jackson International .............................................................................................. 305-355-1211

    Jackson Memorial Foundation ............................................................................... 305-355-4999

    Sèvis Nitrisyon .......................................................................................................... 305-585-3367

    Randevou pou Pasyan ki pa Entène ...................................................................… 305-585-6000

    Operatè Bipè ............................................................................................................ 305-585-5400

    Garaj Estasyònman Machin .................................................................................... 305-585-6997

    Swen Pastoral .......................................................................................................... 305-585-2529

    Fonksyonè ki Responsab Enfòmasyon Prive ........................................................ 305-585-2980

    Sèvis Sekirite ............................................................................................................ 305-585-6111

    Travay Sosyal ............................................................................................................ 305-585-7141

    Resous Volontè ........................................................................................................ 305-585-6541

    TILIV ENFÒMASYON POU PASYAN | 46

  • Jackson Memorial Hospital 1611 N.W. 12th Avenue

    Miami, FL 33136 305-585-1111

    www.JacksonHealth.org

    JHS

    0842

    02-

    15

    Jackson Memorial HospitalJackson North Medical CenterJackson South Community HospitalHoltz Children’s HospitalJackson Behavioral Health HospitalJackson Rehabilitation Hospital

    Chèche Konnen Jackson