12
Yon moun, sitou yon ti moun piti, ka nwaye nan tan li pran pou reponn yon telefòn oswa pou reponn yon mesaj pa tèks! Pwosesis nwaye a kòmanse sou 2 minit pou pi piti Domaj nan sèvo ka pase nan lespas 4 minit

Yon moun, sitou yon ti moun piti, ka nwaye nan tan li pran

  • Upload
    others

  • View
    1

  • Download
    0

Embed Size (px)

Citation preview

Page 1: Yon moun, sitou yon ti moun piti, ka nwaye nan tan li pran

Yon moun, sitou yon ti moun piti, ka nwaye nan tan li pran pou reponn yon telefòn oswa pou reponn yon mesaj pa tèks!

Pwosesis nwaye a kòmanse sou

2 minit pou pi piti

Domaj nan sèvo ka pase nan lespas

4 minit

Page 2: Yon moun, sitou yon ti moun piti, ka nwaye nan tan li pran

Yon mesaj pou lektè yo,

Nwaye pa fè diskriminasyon…Ka rive nenpòt ki lè. Kèlkeswa laj, ras, sèks, oswa nivo sosyoekonomik, ak kapasite naje yon moun, yon ensidan nwaye ka rive nenpòt ki lè.

Depatman Sante Florid (Florida Department of Health) deklare ke “nwaye se responsabilite tout moun”. Nan yon kesyon de segond, dlo ka yon danje e ka touye moun. Li sèlman pran 2 pous dlo ou mwens ke sa pou yon moun nwaye, e li enpòtan pou konnen ki sa pou w fè nan yon ensidan kote gen dlo.

Eske’w te Konnen?• Chak jou apeprè 10 moun mouri akòz nwayad envolontè.

(Sant pou Kontwòl Maladi)• Florid se youn nan

premye kote nan nasyon an kote timoun ki gen laj de 1- 4 an mouri nwaye. Chak ane nan Florid, timoun ki nwaye avan senkyèm anivèsè yo ekivalan pou ranpli 3 a 4 sal klas matènèl. (Depatman Sante Florid)

• Nan Rejyon Palm Beach, de 2016 a 2019, granmoun ki gen laj 20-25 an gen pi gwo to nwayad pa popilasyon, ki vin swiv pa moun ki gen laj 75 an e plis, ak timoun ki gen laj 1- 4 an. (Kowalisyon Prevansyon Nwaye)

• Rejyon Palm Beach gen yon mwayèn de 48 moun ki mouri nwaye chak ane. (Kowalisyon Prevansyon Nwaye)

Page 3: Yon moun, sitou yon ti moun piti, ka nwaye nan tan li pran

water watcher tag

FAU Card PBC

safe kids

Granmoun k ap Veye Dlo Pandan Rasanbleman yo• Fè responsabilite wotasyon avèk lòt granmoun ki pa bwè alkòl

chak 15 minit, si posib mete idantifikasyon tankou yon chapo. • Obsève kò dlo a san distraksyon. (sètadi pa gen okenn

telefòn selilè, lekti, pale, oswa manje).• Aprann Idantifye yon Viktim k ap Nwaye: Silansye - Pa gen okenn souf ki rete pou mande èd. K ap monte desann - Bouch la koule anba sifas dlo a, parèt jis ase pou respire e koule anba anko. Bra yo rete Rèd - Olye pou mande èd ak men an lè, bra ak men yo ap peze dlo a pa anba pou kapab flote. Ou pa menm ka rive kenbe yon bagay pou prezève lavi w. Kanpe dwat - Pa gen okenn mouvman, kò a pral rete dwat ap leve e desann, prèske tankou si li te kanpe nan dlo a.

Ou Toujou Dwe Naje Devan Yon Sovtè• Konte Palm Beach gen anpil dlo

ki gen sovtaj ke moun ka jwi. Gade zòn sa yo an premye!

Akwatik Adaptab* Moun ki gen otis ak lòt andikap, plis sansib a nwaye, kidonk bezwen kou natasyon. • Asire w ke enstriktè a kalifye pou anseye espò nan dlo ki

adaptab.• Si yon timoun disparèt, rele 911 epi chèche kò dlo ki tou

prè avan; Moun kap bay swen yo ta dwe mete aksan sou enpòtans danje dlo pou timoun yo.

• Enfòme premye sekouris yo sou moun ki gen andikap nan rezidans lan.

* Ansèyman akwatik ak pwogram apwopriye pou moun ki gen andikap.

Page 4: Yon moun, sitou yon ti moun piti, ka nwaye nan tan li pran

Sekirite nan Twalèt la• Pa janm kite yon timoun pou kont li nan twalèt,

sitou pandan lap benyen.• Kenbe kouvèti twalèt yo fèmen ak bokit tèt anba.• Toujou vide basen dlo a aprè ou fin itilize li.• Teste tanperati dlo a ak andedan ponyèt ou

pou asire ke dlo a tyèd e pa twò cho.

Sekirite Lakou• Gen kouch pwoteksyon ak ekipman pou sekou (sètadi

takèt, bouwe sovtaj, kloti oswa baryè ki fèmen oswa take pou kont yo, alam pou pisin, alam pou baryè, ak alam pou pòt).

• Vijilan, Si gen yon ijans, rele 911. Voye yon objè k ap flote nan direksyon moun nan; Pa sote nan dlo a dèyè yon moun k ap nwaye, paske yo ka nwaye ou.

• Nan pisin ki anwo tè yo, retire nechèl yo lè ou pa itilize yo ak jwèt ki kouche alantou yo.

• Aprann timoun yo pou yo rete lwen dlo sal (sètadi lak, etan ak kanal). Kote sa yo gen bakteri, dechè bèt, debri, ak lòt danje.

red cross

watersmartfl

Page 5: Yon moun, sitou yon ti moun piti, ka nwaye nan tan li pran

Sekirite Nan Plaj• Chape nan kouran dlo. Pa

goumen, naje agòch oswa adwat, oswa flote ak rele pou èd.

• Konnen koulè drapo yo (Wouj, Jòn, Vèt, ak Violèt).

• Toujou naje sou yon plaj ki veye pa sovtaj.

Sekirite Navigasyon • Toujou mete yon jakèt sovtaj ki bon pou ou, ki

apwouve pa Gad Kòt Ameriken.• Deziyene yon kaptenn ki pa sou enfliyans dròg oswa alkòl.• Pataje chemen vwayaj ou (plan kote w ap flote) ak zanmi /

fanmi nan ka ta gen yon ijans.• Toujou vijilan a najè yo, drapo yo, ak bèt maren.• Itilize pozisyon ijans ki endike limyè radyo sou bato a

(EPIRB) pou avèti pèsonèl sekou sou pozisyon ou nan ka ta gen yon ijans.

myfwc

noaa

Page 6: Yon moun, sitou yon ti moun piti, ka nwaye nan tan li pran

Reanimasyon kadyopilmonè - CPR oswa Defibrilatè Otomatik Elektwonik (AED)IMEDYATMAN RELE 911 E KÒMANSE CPR

Tanpri sonje: Pou yon sekouris ki resevwa fòmasyon ak tout founisè swen sante, rekòmandasyon Asosyasyon Ameriken pou Kè (American Heart Association) mande pou sekouris la fè konpresyon ak vantilasyon sou yon viktim kap nwaye (souf sekou).

Manyen epi rele.

Rele pou èd. Voye yon moun rele 911 epi jwenn yon AED.

Gade si li pa respire oswa sèlman ap rale souf li.

Pouse fò ak vit nan yon vitès de 100 a 120 konpresyon pou chak minit.

Louvri vwa respiratwa a epi bay 2 souf.

Repete seri de 30 konpresyon ak 2 souf.

Lè AED a rive, limen li e swiv enstriksyon yo.

Manyen epi rele.

Rele pou èd. Voye yon moun rele 911 epi jwenn yon AED.

Gade si li pa respire oswa sèlman ap rale souf li.

Pouse fò ak vit nan yon vitès de 100 a 120 konpresyon pou chak minit.

Louvri vwa respiratwa a epi bay 2 souf.

Repete seri de 30 konpresyon ak 2 souf.

Si ou pou kont ou epi ou pa gen yon telefòn, apre 5 seri de 30 konpresyon ak 2 souf, deplase pou rele 911 e rekòman seri de 30/2 a. Lè AED a rive, limen li e swiv direktiv yo.

Lè AED a rive, limen li e swiv enstriksyon yo.

Page 7: Yon moun, sitou yon ti moun piti, ka nwaye nan tan li pran

drowning prevention

Leson Natasyon pou Timoun ak Granmoun: Li pa janm Twò ta pou Aprann• Gen diferan pwogram ki disponib tankou leson natasyon

pou siviv ak pwogram natasyon. Sa depann de kliyan yo pou yo fè rechèch pou yo detèmine sa ki bon pou yo ak fanmi yo.

• Anpil nan leson yo disponib a pati de laj 6 mwa.• Sèvi ak yon enstriktè sekirite nan dlo ki gen bon kalifikasyon.• Kowalisyon Prevansyon Nwayad nan Rejyon Palm Beach

(Drowning Prevention Coalition of Palm Beach County) ofri leson natasyon gratis oswa a rabè.

Klas Natasyon Jwenn yon etablisman dlo nan zòn ou pou leson natasyon ak sekirite nan dlo. Leson natasyon pa ranplase baryè, tankou kloti ak alam pou pisin.Leson natasyon pa yon ranplasman pou sipèvizyon granmoun ak vijilans. Anvan ou enskri pou leson natasyon, konsidere bagay sa yo:• Evite pwogram ki pretann yo ofri teknik kont nwayad. Tout

moun vilnerab a nwaye menm si yo konn naje. • Chwazi sèlman pwogram ki ofri enstriktè natasyon ki sètifye

nan yon pwogram ki rekonèt nasyonalman jan sa mande pa Lwa Eta Florid la.

Note: Leson sou sekirite dlo pa yon prèv pou evite timoun nwaye. Kontinye ak leson pandan tout ane a pou amelyore konpetans pou sove lavi. Tanpri rele etablisman akwatik ki anba a pou enfòmasyon sou jou ak lè leson yo.

Page 8: Yon moun, sitou yon ti moun piti, ka nwaye nan tan li pran

Klas Natasyon

Belle Glade Belle Glade 1224 SW Ave E Place 561-518-0101 Pioneer Park 866 SR715 561-993-3892

Boca Raton The Swim and Racquet Center 21618 St. Andrews Blvd. 561-544-8540 x1 Meadows Park Pool 1300 NW 18th St. 561-393-7851 Peter-Blum YMCA 6631 Palmetto Circle South 561-395-9622 Coconut Cove Waterpark 11200 Park Access Rd. 561-629-8840

Boynton Beach John H. Denson Pool 225 NW 12th Ave. 561-742-6646 DeVos-Blum YMCA 9600 Military Trail 561-738-9622 Mandel JCC of the Palm Beaches 8500 Jog Rd. 561-259-3008

Delray Beach Aqua Crest Pool 2503 Seacrest Blvd. 561-278-7104 Pompey Park Pool 1102 NW 2nd St. 561-243-7358 Delray Swim and Tennis Club 2350 Jaeger Dr. 561-243-7079

Jupiter N. County Aquatic Complex 861 Toney Penna Dr. 561-745-0241

Lake WorthGleneagles Country Club 2728 Lake Worth Rd. 561-966-7088Aquatic Center Palm Beach County CMAA Therapeutic Recreation Complex (Special Needs Only)

Lokal Adrès Nimewo

Page 9: Yon moun, sitou yon ti moun piti, ka nwaye nan tan li pran

Lantana Santaluces 6750 Lawrence Rd. 561-641-9301

North Palm Beach North Palm Beach Country Club 951 US Hwy 1 561-691-3427

Palm Beach GardensPBG Aquatic Complex 4404 Burns Rd. 561-630-1100

Riviera BeachBarracuda Bay Aquatic Complex 1621 W. Blue Heron Blvd. 561-845-4070

Royal Palm BeachCalypso Bay Waterpark 151 Lamstein Lane 561-790-6160

WellingtonWellington Aquatics Complex 12165 Forest Hill Blvd. 561-753-2484

West Palm Beach Warren Hawkins Aquatic Center 1501 N. Australian Ave. 561-804-4961 Lake Lytal 3645 Gun Club Rd. 561-233-1426 YMCA of the Palm Beaches 2085 S. Congress Ave. 561-968-9622

Lokal Adrès Nimewo

Tanpri sonje: Gen lekòl natasyon prive nan tout Rejyon Palm Beach la anplis de sa ki endike anwo a. Sa depann de kliyan a pou detèmine ki kalite pwogram leson natasyon ki pi bon pou li a. Fè rechèch!

Page 10: Yon moun, sitou yon ti moun piti, ka nwaye nan tan li pran

Sekirite Drenaj• Gen kouvèti drenaj ki konfòme avèk pisin Virginia

Graeme Baker and Spa Safety Act. Ou pa si ke drenaj pisin ou konfòm? Èske pisin ou an manke yon kouvèti drenaj? Konsilte yon pwofesyonèl pisin ki sètifye pou plis enfòmasyon.

• Rete lwen tout pisin ak drenaj jakouzi pou evite ou bloke nan aspirasyon.

• Konfime ki kote bouton ijans pou etenn ponp pisin la ye.

Sekirite Pou Plonje• Pa janm plonje tèt avan nan dlo ki ken pwofondè mwens

pase 9 pye lè ou pa fin sèten pwofondè dlo a oswa lè ou pa ka wè anba dlo a.

• Toujou naje ak yon zanmi epi mete yon drapo pou endike ke ou anba dlo a lè w ap naje anba dlo nan lanmè.

• Tcheke kondisyon tan an ak dlo a avan chak vwayaj.

Sekirite Lè W Ap Kondwi• Si yon machin tonbe nan yon dlo: Rete Kalm, Retire Senti

Sekirite ou, Desann Fenèt la, Soti Nan Nan Machin Nan.• Gen yon zouti sovtaj ak yon zouti pou

koupe senti sekirite ou. (sa vle di, li ka nan bwat a gan an, nan pòt kle ou, oswa tache nan retrovizè a).

• Konnen si fenèt sou kote yo konprese (pa ka kraze) oswa ka kraze.

pool safely

dan.org

drowning prevention coalition

Page 11: Yon moun, sitou yon ti moun piti, ka nwaye nan tan li pran

Patnè Asosyasyon WaterSmart Rejyon Palm Beach

Page 12: Yon moun, sitou yon ti moun piti, ka nwaye nan tan li pran

Palm Beach CountyBoard of County Commissioners

Fire RescueDrowning Prevention Coalition

of Palm Beach County405 Pike Road, WPB, FL 33411

(561) 616-7068www.pbcgov.com/dpc