2
Lèt tou louvri pou Prezidan Peyi Dayiti, Ekselans Mesye Jovnel Moyiz Pòtoprens, 8 Fevriye 2017 Etidyan Finisan nan Lekòl Nòmal Siperyè Branch nan Inivèsite Leta Peyi Dayiti ENS/UEH (Pwomosyon 2012 2016) Pou : Ekselans Mesye Jovnel Moyiz, Prezidan Repiblik Dayiti Ekselans Mesye Prezidan Repiblik Dayiti, Nou menm Etidyan finisan (pwomosyon 2012 - 2016) nan Lekòl Nòmal Siperyè, tap swiv avèk anpil enterè kòman w te sèmante pou w respekte konstitisyon peyi Dayiti a. Konstitisyon sila se manman lwa peyi a. Li garanti dwa chak sitwayen genyen pou yo travay pandan li fè Leta obligasyon pou kreye bon kondisyon pou sa. Jounen Jodi a, Ekselans Mesye Prezidan Repiblik Dayiti, Nou menm 175 etidyan ki fin etidye nan Lekòl Nòmal Siperyè (ENS/UEH), nou adrese w lèt tou louvri sila; Pou nou atire atansyon w sou sitiyasyon nou. Nou gen plis pase yon lane edmi depi nap goumen pou nou rive jwi dwa nou genyen pou nou travay; jan manman lwa peyi a garanti sa. Mesye Dam nan Leta Peyi Dayiti kanpe an kwa pou nou pa rive jwi lib e libè dwa sa nou genyen an. Si w pèmèt nou byen esplike w ; anplis manman lwa peyi a ki garanti dwa sa nou genyen pou nou travay la, Nou siyen yon kontra ak Leta Ayisyen pou nou fè estaj epi entegre administrasyon piblik la. Kontra sa rive posib apre Lekòl Nòmal Siperyè (ENS/UEH) te fin siyen yon pwotokòl dakò avèk Ministè Ledikasyon Nasyonal (MENFP) nan lane 2013. Depi 30 Jen 2016 Nou tout 175 Etidyan finisan ENS/UEH yo te dwe jwenn lèt nominasyon pandan Kontra estaj nou tap fini. Men gen gwo fòs fènwa ak gwo mannèv Mesye Dam nan Leta ap fè pou nou pa jwenn lèt nominasyon nou epi fòse nou kite peyi a. Ekselans Mesye Prezidan Repiblik Dayiti, Manman lwa peyi Dayiti entèdi yo fòse sitwayen ayisyen kite Ayiti. Mesye Dam nan Leta ap fòse nou kite Ayiti pou nou ale Brezil oswa Chili chache yon lavi miyò. Ekselans Mesye Prezidan Repiblik Dayiti, se ou menm an premye ki gen pou devwa garanti dwa tout sitwayen ayisyen, 175 etidyan finisan ENS/UEH yo an patikilye. Se poutèt sa nap mande pou w pran tout dispozisyon pou fè rèspekte dwa nou pandan ministè ledikasyon Nasyonal (MENFP) la ap respekte angajman li te pran lè li tap siyen kontra ak nou. Nan kontra sa tout 175 etidyan yo te gen 2 chè. Pou nominasyon an, nou tout 175 etidyan yo ap tann travay plen tan.

Lèt tou louvri pou prezidan peyi dayiti

Embed Size (px)

Citation preview

Page 1: Lèt tou louvri pou prezidan peyi dayiti

Lèt tou louvri pou Prezidan Peyi Dayiti, Ekselans Mesye Jovnel Moyiz

Pòtoprens, 8 Fevriye 2017

Etidyan Finisan nan Lekòl Nòmal Siperyè

Branch nan Inivèsite Leta Peyi Dayiti

ENS/UEH (Pwomosyon 2012 – 2016)

Pou : Ekselans Mesye Jovnel Moyiz,

Prezidan Repiblik Dayiti

Ekselans Mesye Prezidan Repiblik Dayiti,

Nou menm Etidyan finisan (pwomosyon 2012 - 2016) nan

Lekòl Nòmal Siperyè, t’ap swiv avèk anpil enterè kòman w te sèmante pou w respekte

konstitisyon peyi Dayiti a. Konstitisyon sila se manman lwa peyi a. Li garanti dwa chak

sitwayen genyen pou yo travay pandan li fè Leta obligasyon pou kreye bon kondisyon pou sa.

Jounen Jodi a, Ekselans Mesye Prezidan Repiblik Dayiti, Nou menm 175 etidyan ki fin

etidye nan Lekòl Nòmal Siperyè (ENS/UEH), nou adrese w lèt tou louvri sila; Pou nou atire

atansyon w sou sitiyasyon nou. Nou gen plis pase yon lane edmi depi n’ap goumen pou nou

rive jwi dwa nou genyen pou nou travay; jan manman lwa peyi a garanti sa. Mesye Dam nan

Leta Peyi Dayiti kanpe an kwa pou nou pa rive jwi lib e libè dwa sa nou genyen an.

Si w pèmèt nou byen esplike w ; anplis manman lwa peyi a ki garanti dwa sa nou genyen pou

nou travay la, Nou siyen yon kontra ak Leta Ayisyen pou nou fè estaj epi entegre

administrasyon piblik la. Kontra sa rive posib apre Lekòl Nòmal Siperyè (ENS/UEH) te fin

siyen yon pwotokòl dakò avèk Ministè Ledikasyon Nasyonal (MENFP) nan lane 2013.

Depi 30 Jen 2016 Nou tout 175 Etidyan finisan ENS/UEH yo te dwe jwenn lèt nominasyon

pandan Kontra estaj nou t’ap fini. Men gen gwo fòs fènwa ak gwo mannèv Mesye Dam nan

Leta ap fè pou nou pa jwenn lèt nominasyon nou epi fòse nou kite peyi a.

Ekselans Mesye Prezidan Repiblik Dayiti, Manman lwa peyi Dayiti entèdi yo fòse sitwayen

ayisyen kite Ayiti. Mesye Dam nan Leta ap fòse nou kite Ayiti pou nou ale Brezil oswa Chili

chache yon lavi miyò. Ekselans Mesye Prezidan Repiblik Dayiti, se ou menm an premye ki

gen pou devwa garanti dwa tout sitwayen ayisyen, 175 etidyan finisan ENS/UEH yo an

patikilye. Se poutèt sa n’ap mande pou w pran tout dispozisyon pou fè rèspekte dwa nou

pandan ministè ledikasyon Nasyonal (MENFP) la ap respekte angajman li te pran lè li t’ap

siyen kontra ak nou. Nan kontra sa tout 175 etidyan yo te gen 2 chè. Pou nominasyon an, nou

tout 175 etidyan yo ap tann travay plen tan.

Page 2: Lèt tou louvri pou prezidan peyi dayiti

Nou tout 175 etidyan finisan Lekòl Nòmal Siperyè (ENS/UEH) rete kwè, Ekselans Mesye

Prezidan Repiblik Dayiti, demach sa, antre non sèlman, nan sa w genyen kòm devwa, men

tou nan objektif ou pou peyi a. Se sa ki fè n’ap tann nan premye seri desizyon w pral pran yo,

Nominasyon tout 175 etidyan finisan Lekòl Nòmal Siperyè (ENS/UEH) ap youn ladan yo.

Paske selon premye diskou w te fè kòm Chèf Leta, Ou te di «Misyon pa m, se pou m kreye

kondisyon pou tout moun anvi viv nan peyi yo » Nou menm 175 etidyan finisan Lekòl

Nòmal Siperyè (ENS/UEH) nou te deja sèmante pou nou pa ale ni Brezil, ni Chili.

Ekselans Mesye Prezidan Repiblik Dayiti, Desizyon nou tout 175 etidyan finisan Lekòl

Nòmal Siperyè (ENS/UEH) pran pou nou pa kite peyi a se nan entèrè peyi Dayiti. Janw

te di sa nan premye diskouw kòm Chèf Leta. Nou louvri je nou byen gran pou nou gade

epi veye sa w’ap fè ak jenès peyi a, patikilyèman 175 etidyan ENS/UEH yo. N’ap louvri

zòrèy nou byen gran pou nou tande tout pawòl k’ap sòti nan bouch ou. N’ap kenbe kaye ak

plim nou nan men nou byen di, pou nou make tout aksyon w’ap genyen pou w poze, pandan 5

lane k’ap vini an.

Ekselans Mesye Prezidan Repiblik Dayiti, pandan n’ap tann ou reyaji sou dosye 175

etidyan finisan Lekòl Nòmal Siperyè (ENS/UEH) yo, n’ap raple w, nou menm, nou jire pou

nou pa kite peyi a.

N’ap fini lèt nou an pandan nap mande w, Ekselans Mesye Prezidan Repiblik Dayiti,

aksepte salitasyon patriyotik nou.

Etidyan finisan ENS/UEH – Pwomosyon 2012 – 2016.