Upload
lamnhan
View
219
Download
0
Embed Size (px)
Citation preview
Grade 1. Theme 3
Gr1-Q2-Theme: 3, Ann Gade Alantou Nou, Week 11
Read Aloud Text to build background knowledge about Coyotte
Materials: North & South America Map, pictures of dogs, woof, fox and other
animals
Koyòt
Koyòt se yon mamifè nan fanmi bèt kanibal, sa vle di li gen manmèl pou bay pitit
li tete epi li manje lòt bèt tou. Koyòt viv toupatou nan Etazini eksepte owayi
(Hawai). Koyòt viv tou omeksik (Mexico), kanada (Canada) ak lòt peyi nan
lamerik santral.
Koyòt travay ansanm pou chase lòt bèt pou yo manje. Yo chase sourit, koulèv,
zwazo ak sèf. Nan sezon lotòn ak live, yo ka manje grenn bwa, legim ak fwi.
Yon manman Koyòt ka fè ant youn ak diznèf pitit chak de mwa. Men yo pi fè pitit
ant mwa fevriye ak avril. Ti bebe yo fèt tou avèg men nan dis jou zye yo louvri.
Tout bèt nan bwa gen yon sèl chante. Men Koyòt ka jape tankou kouzin li chen, li
kriye tankou kouzin rena epi li ka chante tankou plizyè lòt bèt. Pafwa gen moun ki
ka konfonn yon koyòt pou chen. Men gen yon gwo diferans. Koyòt mache ak ke li
anba men chen ak rena mache ak ke yo anlè.
Oral Language Comprehension:
1.Nan ki peyi koyòt viv?
2.Ki peyi nan etazini ki pa gen Koyòt ?
3.Poukisa w kwè Koyòt travay ansanm pou chase?
4.Konbyen piti yon manman Koyòt ka fè?
5. Ki lòt bèt ki gen nan fanmi Koyòt ?
6.Kisa yon koyòt ka fè, lòt bèt pa ka fè?
7. Ki diferans ki genyen ant yon chen ak yon koyòt ?
8. Poukisa moun ka konfann koyòt ak chen?
Grade 1. Theme 3
Tit Istwa a: Yon Koyòt
1. Ki sa Koyòt la tap fè nan kòmansman istwa a?
_______________________________________________________________
2. Kisa Koyòt la tap fè alafen istwa a?
______________________________________________________________
3. Nan paj 5 la, kisa Koyòt la tap fè?
_____________________________________________________________
Ansèkle mo ki rime nan mo sa yo:
4.Kouri jwe voltije mouri
5.Aswè bwa bwè manje
Fè foto kòyòt ou pi renmen an, di pou kisa ou renmen l
Grade 1. Theme 3
Gr1-Q2-Theme 3: Ann Gade Alantou Nou-Cultural Awareness:Haitian History; Batay Vètyè-
Week 13
Tit: Istwa Batay Nan Vètyè Ote: Yolande M . Pierre
Materyèl: foto ewo nou yo, kat peyi d’Ayiti, video on lines: google Haiti’s Hidden Treasures II,
www.haitaintreasures.com on line documentary
Short Text from: Ti liv Konpreyansyon page L56, find a copy just in case you do not have the
book.
Pwezi below may be used as a Read aloud to introduce the Historical event or/or adapted to
age and grade level
Kat d’Ayiti – Gade Okap (Cap-Haitien) nan Nò peyi a
Foto Nèg Mawon enkoni- pou onore tout esklav mawon ki te goumen pou libète
Grade 1. Theme 3
Pwezi: Batay de Vètyè
Vètyè se yon plas nan rejyon nò peyi d’Ayiti.
Se nan mòn Vètyè esklav mawon yo te konn kache.
Se nan Vètyè Boukman te òganize seremoni Bwa Kayiman.
Se nan Vètyè le 14 out 1791 esklav yo rasanble pou di ase!
Se nan Vètyè kokenn batay pou endepandans la te koumanse.
Se nan Vètyè blan franse te touye Boukman.
Se pou tèt Vètyè blan te arete Toussaint Louverture
Se nan Vètyè Desalin, Petion, Kristòf ak zòt
Te Kontinye Batay libète a
Se nan Vètyè twoup esklav yo te bat blan franse yo
Se gras ak Vètyè lame Napoleon an vole baryè
18 novanm 1803, Ayiti pran nesans
Se gras ak Vètyè Ayiti yon peyi lib
Jean Jacques Dessalines Esklav ak batay ak blan franse nan Vètyè
Jan Jak Desalin
Grade 1. Theme 3
Francois Capois –Kapwa Lamò Henri Christophe – Anri Kristòf
Alexandre Petion Estati Esklav nan Vètyè
Aleksann Petyon
Grade 1. Theme 3
Vètyè
Vètyè se yon gwo plas istorik. Se la pi gwo batay la te fèt pou ayiti te vin lib. Li genyen estati tout gwo ewo ayisyen yo. Vètyè se yon zòn nan Okap.
Reponn Kesyon anba yo
1. Kisa Vètyè ye?
_________________________
2. Kisa kite pase Vètyè?
________________________
3. Kisa nou jwenn nan Vètyè?
_______________________
4. Ki kote Vètyè ye?
___________________________
Grade 1. Theme 3
Gr1-Q2- Theme 4: Zanmi ak Fanmi, Holidays: Cultural Awareness, Week 14
Non: _________________________ Dat: _____________
Tit Istwa: Pèleren Nan Lamerik – Istwa # 1 Otè: Yolande Pierre
Pèleren yo te soti nan peyi Langletè. Yo te vwayaje nan
yon gwo bato ki te rele “Mayflower”. Te gen gason, fi, ak
timoun nan bato a. Yo te Pè. Men apre de mwa sou lanmè, yo
te rive nan peyi Lamerik nan lane 1620.
Ann konprann Istwa a: Sèvi ak mo nan istwa a pou fini fraz yo.
1. Pèsonaj ki nan istwa se _________________________.
2. Pèleren yo te soti nan peyi ______________________.
3. Yo te vini nan peyi _____________________________.
4. Yo te vwayaje nan Yon _________ ki te rele Mayflower.
5. Yo te pase _______ ______________ ap vwayaje nan
bato a sou lanmè.
Grade 1. Theme 3
Bato
Glòb
Grade 1. Theme 3
Pèleren/ pèlren
Grade 1. Theme 3
Non: _____________________________ Dat: ____________
Pèleren Nan Lamerik – Istwa # 2 Otè: Yolande Pierre
Zanmi Ede Zanmi
Nan lane 1620, Pèleren yo debake nan vil Masachisèt
(Massachussett). Endyen natif natal yo ede yo bati kay pou
yo rete. Endyen yo montre yo kijan pou plante, chase bèt
nan bwa pou jwenn vyann ak peche pwason. Endyen ak
Pèleren yo vini bon zanmi. Ansanm yo selebre premye fèt
aksyon de gras an Novanm 1620.
Ann konprann istwa a
Direksyon : Tcheke wi oswa non pou reponn keksyon yo.
1. Premye moun ki te abite nan Lamerik se Endyen. [ ] Wi [ ] Non
2. Pèleren yo te ede Endyen yo. [ ] Wi [ ] Non
3. Nan lane 1620, Endyen yo vini nan Masachisèt. [ ] Wi [ ] Non
4. Endyen ak Pèleren te Zanmi. [ ] Wi [ ] Non
Grade 1. Theme 3
Pèleren ak Endyen Devan Legliz
Pèleren
Grade 1. Theme 3
Pèleren ap Travay
Endyen Natif Natal
Grade 1. Theme 3
Non: ______________________________ Dat: ____________
Pèleren Nan Lamerik – Istwa # 3 Otè : Yolande Pierre
Premye Fèt Aksyon DeGras
Endyen ak Pèleren yo selebre premye fèt de remèsiman pou twa jou.
Pèleren yo te vle di Endyen yo mèsi paske yo te ede yo. Nan gwo fèt sa,
chak moun pote yon bagay pou pataje. Te gen patat, joumou, kodenn,
mayi, fwi ak anpil lòt manje. Ti moun ak granmoun te manje
vantdeboutonnen (vant-de-bou-ton-nen). Yo te jwe boul, danse ak fete
tout jounen ak lannwit. Depi lè sa a, chak ane tout vil nan Etazini
selebre Fèt Remèsiman (Re-mè-siman, oswa Aksyondegras (Ak-syon-
de-gras) chak twazyèm jedi mwa novanm.
Ann konprann Istwa a : Sevi ak mo nan bwat la pou fini fraz yo.
Jou - pataje - novanm --- mèsi - Pèleren
1. Endyen ak Pèleren yo _________________ anpil manje nan
premye fèt Aksyondegras la.
2. Pèleren yo te vle di Endyen yo _____________________ pou ede
yo.
3. Yo te selebre pandan twa _________________________.
4. _________________ yo ak Endyen yo te zanmi.
5. Nou selebre fèt Aksyondegras nan mwa ______________
Grade 1. Theme 3
Fi Pèleren ak Fi Endyen pote mayi
Fanmi Pèleren ap prepare manje
Grade 1. Theme 3
Kodenn Fwi ak legim
Kodenn
Mayi
Grade 1. Theme 3
Patat
Manyòk
Grade 1. Theme 3
Gr1-Q2-Theme 4; Zanmi ak Fanmi, week 15
Non: _________________________ Dat: ____________________________
Tit Liv La: Jak ak Mak
Premye Jou:
A. Vokabilѐ: 1. Leve 2. Tas 3. Nat 4. Chat 5. sal 6. Tab 7. Rale 8.
Nap 9. Pantalon 10. Kad
B. Montre foto yo epi diskite chak paj espesyalman koulѐ rad ak sak chak tigason yo.
C. Pwofesѐ a li istwa a ot vwa epi diskite ak elѐv yo.
D. Kopye vokabilѐ yo epi fè desen pouilistre mo yo.
Dezyѐm Jou:
A. Revize vokabilѐ mo yo: idantifye vѐb, non ; fѐ kѐk fraz
B. Li istwa Jak ak Mak ak elѐv yo.(Echo repetisyon)
C. Konpare Jak ak Mak nan yon Venn Diagram
D. Fini ak dekore Venn Diagram
Twazyѐm Jou
A. Revize vokabilѐ mo yo: idantifye mo ki kòmanse ak menm son ak mo ki rime
B. Reli istwa a, repetisyon –
C. Idantifye problem ak solisyon nan istwa a
D. Fѐ foto yon pwoblem epi ekri yon fraz
Katryѐm jou
A. Revize vokabilѐ; Dikte
B. Klas la li istwa ya an group
C. Repete istwa nan lòd ( Sak pase anvan- nan mitan- a lafen)
Grade 1. Theme 3
Non ________________________ Dat: __________________________
Istwa: Jak ak Mak
Reponn keksyon yo daprѐ istwa a
1. Ekri non pѐsonaj ki nan istwa a.
__________________________________________________________________
___________________________________________________________________
2. Ki koulѐ mayo Jak?
___________________________________________________________________
___________________________________________________________________
3. Ki koulѐ pantalon Mak?
___________________________________________________________________
__________________________________________________________________
4. Pou kisa Jak tap goumen ak Mak?
___________________________________________________________________
__________________________________________________________________
5. Sou kisa Mak dòmi?
_______________________________________________________________
______________________________________________________________
6. Kisa manman tigason yo di lѐ yo tap goumen?
___________________________________________________________________
___________________________________________________________________
Grade 1. Theme 3
Gr1-Q2-Theme : Zanmi ak Fanmi, Holidays: Cultural Awareness- Week 17
Non: ____________________________ Dat: _________________
Tit Istwa a: Kimoun Tonton Nwèl Ye? Otè a: Yolande Pierre
Tonton Nwèl se yon gwo gason. Li toujou abiye ak kostim wouj li. Vant li
gwo epi bab li blan kou lanèj. Lè li ap vini tout moun konnen paske nou ka tande
vwal kap chante: “Ho! Ho! Ho!. Li pote anpil kado pou timoun ki koute manman
yo, papa yo ak tout pwofesè yo. Eske ou te fè bon timoun pou tout ane a?
Aktivite
Direksyon: Konplete fraz sa yo pou fini istwa a.
Tonton Nwèl se yon gwo _____________.
Li toujou abiye avèk kostim _______________ li.
Bab li _________________ kou lanèj epi vant li ______________.
Li pote kado pou timoun ki _____________ manman yo ak papa yo.
Fe foto Tonton Nwèl epi kolore l.
Grade 1. Theme 3
Non: ____________________________ Dat: _________________
Tit Istwa a: Kimoun Tonton Nwèl Ye? Otè: Yolande Pierre
Tonton Nwèl se yon gwo gason. Li toujou abiye ak kostim wouj li. Vant li gwo epi
bab li blan kou lanj. Lè li ap vini tout moun konnen paske nou ka tande vwal kap
chante: “Ho! Ho! Ho!. Li pote anpil kado pou timoun ki koute manman yo, papa yo
ak tout pwofesè yo. Eske ou te fè bon timoun pou tout ane a?
Aprann Konprann: Li istwa a epi reponn keksyon sa yo.
1. Kijan Tonton Nwèl toujou abiye?
___________________________________________________________________
__________________________________________________________________
2. Kisa nou tande lè Tonton Nwèl ap vini?
___________________________________________________________________
___________________________________________________________________
3. Pou kimoun Tonton Nwèl pote kado?
___________________________________________________________________
___________________________________________________________________
4. Si ou te Tonton Nwèl pou kimoun ou tap pote kado?
___________________________________________________________________
___________________________________________________________________
5. Ki sa ou di lè yon moun ba ou yon kado?
___________________________________________________________________
___________________________________________________________________
Grade 1. Theme 3
Klòch Sonnen (sing to the Jingle Bells tune)
Edited/Translated by Yolande Pierre
Kè: Sonnen Klòch ! Karyonnen!
Men fèt Nwèl rive.
Ak kè kontan , lagete
Anonse fèt Nwèl la.
Sonnen klòch! Karyonnen!
Men fèt Nwèl rive
Avèk kè kontan , lagete
Men Nwèl la rive
1. Tonton Nwèl vini
Ak dyakout li sou do
Li pote kado
Pou tout bon timoun. (Chante Kè a)
2. Pou tout tigason,
Ki te saj ak bon
Li pote kamyon avèk bèl balon.
Pou tout bèl tifi
Ki te janti ak saj
Li pote bèl pope avèk bèl bijou. (Chante Kè a)
Pwezi
Viv Nwèl
Nwèl rive
Nwèl rive
Kè tout moun kontan
Tout timoun ap chante
Gade yon bèl Nwèl
***************
Nwèl nan Peyi Solèy
Gade gade
Gade solèy
Gade gade lalin
Gage gade gade lakansyèl
K ap klere
Pou tout timoun ka viv
Gade gade solèy
K ape klere
Klere nan kè m
Pou n ka kontan
Pou youn ka renmen lòViv! Viv!
Viv Nwèl nan peyi solèy
Pou tout timoun
Pou youn ka renmen lòt
Renmen renmen tout moun
Lochard Noel
Grade 1. Theme 3
Gr1-Q2 –Theme 5: Lakay Se Lakay: Konsantre sou Leta Florid; Lakay Se Lakay,
Week 18,- Read Translated stories by Yolande Pierre
Benchmarks: Compare & Contrast, Main ideas, Details and use pictures to build
inference and comprehension skills
Identify flags of Haiti, Florida and the United States – Describe each flag(details) –
Compare & contrast two flags
Building background Knowledge: Read aloud Text : Drapo
Drapo se yon senbòl. Yon drapo reprezante yon peyi tankou Etazini, yon eta
tankou Florid, yon pèp tankou Ayisyen. Respekte yon drapo, se montre respè pou
sa li reprezante. Tout moun ki fyè de kote yo soti oswa kote yo rete dwe fyè de
drapo yo tou. Nou pa sipoze chire yon drapo. Nou pa sipoze jete yon drapo atè. Lè
n ap pase yon kote y ap salye drapo, se pou nou kanpe pou n bay ochan.
.
Grade 1. Theme 3
Foto Eta Florid
Drapo Ayisyen
Grade 1. Theme 3
Grade 1. Theme 3
Bèt Espesyal Nan Florid
Flamengo/Flaman: Flaman se yon bèt ki nan fanmi zwazo yo.
Sèf nan Key West, Florid: Gen anpil kalite sèf. Gen sèf ki rete nan forè, gen sèf ki
rete nan mòn. Men se sèf nan Key west yo ki pi piti.Yo rele yo Key deer,”Sèf ki” e
yo pa pi gwo ke yon chen. Sèf se yon mamifè, sa vle di yo fè pitit epi yo bay piti yo
tete. Sèf se yon bèt ki nan menm fanmi ak kabrit.
Grade 1. Theme 3
Grade 1. Theme 3
Grade 1. Theme 3
Manati/Lamanten: Lamanten abite nan dlo ki tyèd. Yo jwe , naje epi yo
renmen anbrase ak bo. Yo manje ti plant yo jwenn nan dlo a. Lamanten
se yon mamifè. Sa vle di yon bèt ki fè pitit, li gen tete oswa manmèl, epi
li bay pitit li yo tete.
Grade 1. Theme 3
Grade 1. Theme 3
Men yon ti egzamen ou ka bay a loral oswa a lekri.
Premye Pati
1. Kijan yo rele zwazo ki reprezante leta Florid la?
2. Ki non flè ki reprezante leta florid.
3. Kisa drapo yon peyi reprezante?
4. Poukisa ou Kwè chak eta bezwen yon senbòl pou reprezante yo?
Dezyem Pati
1. Kisa ki diferan de flaman ak lòt zwazo yo.
2. Kisa flaman manje?
3. Eske se nan key West sèlman nou jwenn sèf?
4. Ki diferans ki genyen ant sèf nan Key West ak sa ki lòt kote yo?
5. Kisa lamanten manje?
Twazyem Pati(Ekri fraz)
Ekri 2 bagay ou aprann de leta Florid
Ekri de bagay ou aprann de flaman
Nan tout senbòl leta florid kilès ou pi renmen? Poukisa?
Grade 1. Theme 3
Florida, Our State(premye jou)
Eta Nou, Florid
Peyi nou gen yon drapo.
Eta Florid gen yon drapo.
Nou fyè de drapo nou.
Mockingbird (Kolibri)
Eta Florid gen yon zwazo.
Kolibri se senbòl leta Florid.
Orange Blossom (Flè Zoranj)
Eta Florid gen yon flè.
Flè Zoranj se senbòl leta Florid.
Ann panse: Reponn kesksyon sa yo
Gade drapo Etazini a ak drapo Florid la. Kijan yo menm, kijan yo
diferan? Bay kèk detay nan repons ou.
Grade 1. Theme 3
Florida, Our State
Eta Nou, Florid
Non: _____________________ Dat: _____________________
Pran yon mo nan istwa a pou fini fraz yo.
1. Nou abite nan eta ___________________________.
2. _____________________ se zwazo ki senbòl Eta Florid.
3. Flè __________________________ se senbòl Eta Florid.
4. Nap viv nan peyi Etazini. Ki koulè drapo Etazini?
Grade 1. Theme 3
5. Eske drapo Etazini menm koulè ak drapo eta florid. A) non
b) wi
6. Konpare drapo etazini ak drapo Florid
Drapo Etazini Tou Le De Drapo Florid
Grade 1. Theme 3
Florida’s Surprising Animals -Bèt Espesyal Nan Florid(2èm jou)
Rankontre twa bèt kap viv nan Florid. Ou ka etone wè bèt sa yo.
Flamingo – Flamengo
Flamengo vizite plas kote ki gen dlo nan Florid. Koulè zwazo sa a
woz. Flamengo renmen pike tèt anba anba dlo. Yo manje ti bèt ak
ti pyebwa yo jwenn anba dlo.
Key Deer – Sèf nan Zòn Key West
Sèf sa yo abite nan zòn Key West Florid sèlman. Yo pa pi gwo
pase yon chen. Yo manje ti pyebwa flambwaz ak mur.
Manatee – Manati/Lamanten
Grade 1. Theme 3
Lamanten abite nan dlo ki tyèd. Yo jwe ak naje antre yo. Yo
renmen bo epi bay akolad. Chwal lanmè manje ti pyebwa yo
jwenn nan dlo.
Florid genyen kèk bèt ki bannou sipriz.
Florida’s Surprising Animals (Bèt Espesyal Nan Florid)
Non: ________________________ Dat __________________
1. Ekri non twa bèt espesyal nou jwenn an Florid.
_________________________________________________
Grade 1. Theme 3
2. Ekri non bèt ki pi piti nou jwenn nan istwa. A ki lòt bèt li sanble?
3. Ki bèt ou pi renmen nan istwa a? Pou kisa?
4. Ki bèt ou pa renmen nan istwa a? Pou kisa?
____________________________________________________
____________________________________________________
Grade 1. Theme 3
Gr1-Q2: Theme5; Lakay Se Lakay-Week 19
Non_______________________________Dat____________________________
Moving Day
“Hermit” Krab, “Timoni”. se yon kreyati ki toujou ap chache lòt kote pou l
rete. Chak fwa li gwosi, koki li vin twò piti pou li. Yon jou, Hermit Krab deside al
chѐche yon koki ki bon pou li e ki fѐ l byen. Li ranpe sou sab la, li jwenn diferan
koki. Premye ya te twò piti. Dezyѐm nan te twò gwo. Yon lòt te twò lѐd. Youn te
twò banda, yon lòt te twò senp. Okenn nan koki yo pat bon pou krab la. Li chèche
anpil. Finalman, li jwenn koki li tap chèche a. Li rale antre andann, li vin santi li
lakay li. Li te alѐz anndan li, menn jan ak koki li te rete anvan an. Sèlman li te pi
gwo.
Grade 1. Theme 3
Lesson Activities
Non: __________________________________ Dat: _______________
Reponn keksyon yo
1. Ki pwoblèm krab la te genyen nan istwa a?
2. Kijan krab la te rezoud pwoblèm nan?
3. Ekri tout akjektif ki dekri koki krab la te eseye yo.
4. Ki de(2) akjektif ki gen kontrè yo nan istwa a? Ekri yo ak tout kontrè yo.
5. Kijan krab la santi l alafen istwa a.
Grade 1. Theme 3
anwo
Lanmè
kontan
mou
anba
lèd
Bèl
fòs lou lejè di
Gwo
Piti Koki Latè
Grade 1. Theme 3
Grade 1. Theme 3
1st grade – Theme 5 – Home Sweet Home/Lakay Se Lakay
andedan
Ini
laj
di
mou
konfòtab
senp
elegan
lou
Lejè
long
di
Kache
Etwat
koki
tipyebwa
remiz krab
Timoni
Bouton
elektrik
Bò lanmè
Grade 1. Theme 3
Gr1-Q1-Theme 5: Lakay se Lakay- Week 20
Istwa: Me On The Map- Kote Nou Abite a
Introdiksyon: Li rezime nan page 35 and/or Tradiksyon Istwa a
Materyèl: photo yon chanm, yon kay, yon katye ak kay, yon kat Etazini, yon kat
eta Kansas, yon kat jeografi lemon ak yon glòb
Vokabilè/Mo Kle: kat jeografi, lemon, lari, katye, vil, ete, glòb
Baz Konesans: Nap etidye nan ki lòd bagay yo te rive nan istwa a, Ide prensipal,
Rezon ke otè a ekri istwa a, kat jeografi,
Tit Istwa a: Mwen nan yon Kat Jeografi translated by Yolande Pierre
Men Mwen. Men Mwen nan chanm mwen. Men yon kat chanm mwen.
Men kay mwen. Men yon kat jeografi kay mwen. Men kay mwen nan katye kote
mwen rete a. Men yon kat jeografi lari mwen rete a.
Men vil kote mwen rete. Men vil kote mwen rete nan yon kat jeografi vil mwen
rete a.
Men kat eta kote mwen rete. Men peyi kote mwen rete nan yon kat jeografi.
Men kote mwen rete sou late a nan yon glob. Tè a se yon gwo boul. Si w te kapab
dewoule late, ou ta fè l plat. Li ta sanble ak kat jeografi lemonn antye.
Men kote w ap jwenn mwen nan plas espesyal mwen an. Premyèman kote mwen
ye nan yon kat jeografi lemon, apre san an peyi mwen, epi nan eta kote mwen
rete. Ladan w ap jwenn mwen nan vil mwen, epi nan katye mwen, epi nan ri kote
m rete mwen jwenn kay mwen. Epi nan kay mwen …… chanm, kay, lari, katye, vil,
peyi, tout patou nan lemon chak moun gen yon plas espesya nan kat jeografi a.
Menm jan avè m. menm jan avè m nan lemon.
Grade 1. Theme 3
Ann konprann istwa a. ( a Loral oswa a lekri, sa depan de elèv ou genyen yo)
1. Tifi a pale de kat jeografi nan istwa nan yon sèten lòd. Nan ki lòd li montre
yo?
2. Kilès nan kat yo ki pi piti? Kiyès ki pi gwo?
3. Kisa tifi a tap eseye fè at tout kat jeografi say o?
4. Pouki rezon ou kwè otè a ekri istwa sa a?
5. Si ou gen yon kat ki reprezante tout etap yo, ou kapab mande yon group
pou ranje kat yo atè a koumanse pa pi piti a pou al sou pi gwo a.
6. Li trè enpòtan pou w genyen yon kat lemon ak yon kat etazini.
7. Kijan ou kwè tifi a santi l osijè de plas espesyal li genyen nan lemon?
8. Elèv yo gendwa fè foto yon kat chanm yo, oswa lakay yo, oswa klas la etc..
Grade 1. Theme 3
Gr1-Q2- Second Marking Period Assessment – Evalyasyon Dezyèm Trimès
1. Ansèkle de mo ki rime nan fraz sa yo.
(a) Iv gen yon liv.
(b) Ivèt gen yon kivèt.
(c) Toto gen yon oto.
________
6 pwen
2. Kategorize/klasifye
Ansèkle mo pi pa sipoze nan gwoup sa a.
(a) Boul - balon - woulawoup - chen
(b) Jwe - manje- manman - danse
_____
4 pwen
3. Ekri mo sa yo nan lòd pou fè yon fraz kòrèk.
(a) manje Chen patat an la.
(b) men lave Lola li. __________________________________________________________________________________________________________________ .
4 pwen
Grade 1. Theme 3
4. Ansèkle mo ki kontrè mo ki nan bwat la.
Anndan Monte deyò fini
Bonjou Ale desann bonswa
Chita Kanpe danse ri
_______ 3 Pwen
5. Sequencing & Noting Details: Konvèsasyon oral: – Mwen pral li yon istwa a de fwa. Koute byen paske map poze w kèk keksyon lè m fin li.
Poul Fifi a te ponn sis ze. Yon jou li chita sou ze yo. Poul la chita. Li chita, li chofe ze yo. Chak jou Fifi gade pou wè sa k ap pase. Apre anpil jou, ze yo kale. Manman poul la bay Fifi sis bèl ti poul. Fifi kontan. Li montre tout fanmi l ak zanmi l ti poul yo. 1. Ki sak te pase anvan nan istwa a? 2. Ki sak te pase alafen istwa a? 3. Di yon detay ki te nan mitan istwa a.
Grade 1. Theme 3
6.Drawing Conclusions: Konvèsasyon oral: – Mwen pral li yon istwa a de fwa. Koute byen paske map poze w kèk keksyon lè m fin li. Mari ak Jina ta pral nan lanmè. Yo mete kostimdeben yo sou yo. Lè yo gade deyò a. Yo wè lapli ap tonbe. 1. Sa w panse Mari ak Jina pral fè? 2. Si se te ou, kisa ou t ap fè?
Non Profese a: ___________________________ Dat: _____________ Rezilta Egzamen Dezyèm Trimès Yo NON
ELEV
YO
Mo
Rime
___/6
Kategori
Klasifikasyon
_____/4
Fraz
____/6
Kontrè
__/3
Sekans
___/3
Panse ak
konklizyon
____/2
Grade 1. Theme 3