4
MIAMI SHINES AP RET TANN PA GMCVB DOKIMAN ENTWODIKSYON TON (JAN OU PREZANTE MESAJ) 0 147 192 80 27 12 0 #0093c0 Pwogram: Tèks an gra Helvetica ou byen Arial Kopye: MIAMI SHINES DOKIMAN DIIJITAL 2020 Rejyon Metwopolitèn Miami se sinonim dinamis ak enèji. E nou tout kapab itilize yon ti kras nan tou de bagay sa yo. Sa gen ladan tou vibrasyon pozitif ki afime lavi, anpil optimis, epi atitid kapab fè moun nou yo ak vil nou an genyen an. Se yon kote solèy leve ak solèy kouche klere menm jan, kote lè cafecito a fè apremidi nou yo pi vibran, ak kote limyè lalin nan syèl la fè lannwit lan briye. Se konsa Miyami klere chak grenn jou nan ane a. Epi bèl atitid vanyan solèy la klere a anvayi tout bagay, tout kote, ak tout moun Miyami. Epi tout sa ap tann ou. Pare pou w eksplore, dekouvri epi jwi. Kidonk, vin klere avèk nou... nou menm tout avantirye, moun ki renmen al nan plaj, moun ki renmen bon manje, fanatik mizik, moun k ap chèche kilti, ak amatè ki renmen travay atistik yo. Annou ale. Annou klere. Kòm pandemi COVID-19 te koze yon kou enpòtan pou vwayaj ak touris, kanpay Miami Shines lan ap chèche kenbe Miyami an tèt kòm yon destinasyon vwayaj. Miami Shines gen entansyon pou li mete aksan sou kèk nan faktè esansyèl ki fè Miyami se yon destinasyon vwayaj inik, ansanm avèk lespri dinamik ak enèji li, ki ka bay tout moun yon santiman optimis ak lespwa pandan moman difisil sa yo. Dokiman sa a prezante kèk pi bon pratik, konsèy ak trik pou pwomouvwa biznis ou nan kad inisyativ sa a. Mesaj Miami Shines lan dwe santi l optimis epi plen espwa, men sansib ak sitiyasyon asktyèl la. Li pa konsantre sou sa ki negatif, men tou li pa inyore nèt sa n ap viv la. Ta dwe gen yon sans kominote nan mesaj la lè sa enpòtan - "n ap travèse moman sa a sa ansanm." Pa vann Miyami twòp. Objektif la se pa pou nou fè moun vwayaje al Miyami kounye a, se pou nou montre santiman pozitif sou Miyami nan imaj ak tèks n ap itilize. Logo a dwe itilize sou tout imaj ak tèks k ap pibliye yo. Dwe gen ladann GREATER MIAMI AK PLAJ YO (ka sèlman sòti sou aktif dijital ki pi piti si yo pa ka li yo.) GMCVB.com/MiamiShines #MiamiShines KLIKE LA POU TELECHAJE VIDEYO YO KLIKE LA POU TELECHAJE LOGO YO Tèks ak karaktè fonse

Epi tout sa ap tann ou. Pare pou w eksplore, dekouvri epi

  • Upload
    others

  • View
    1

  • Download
    0

Embed Size (px)

Citation preview

MIAMI SHINES AP RET TANN PA GMCVB DOKIMAN

ENTWODIKSYON

TON (JAN OU PREZANTE MESAJ)

0 147 19280 27 12 0

#0093c0

Pwogram:Tèks an gra

Helvetica ou byen ArialKopye:

MIAMI SHINES DOKIMAN DIIJITAL 2020

Rejyon Metwopolitèn Miami se sinonim dinamis ak enèji. E nou tout kapab itilize yon ti kras nan tou de bagay sa yo. Sa gen ladan tou vibrasyon pozitif ki afime lavi, anpil optimis, epi atitid kapab fè moun nou yo ak vil nou an genyen an. Se yon kote solèy leve ak solèy kouche klere menm jan, kote lè cafecito a fè apremidi nou yo pi vibran, ak kote limyè lalin nan syèl la fè lannwit lan briye. Se konsa Miyami klere chak grenn jou nan ane a. Epi bèl atitid vanyan solèy la klere a anvayi tout bagay, tout kote, ak tout moun Miyami.

Epi tout sa ap tann ou. Pare pou w eksplore, dekouvri epi jwi. Kidonk, vin klere avèk nou... nou menm tout avantirye, moun ki renmen al nan plaj, moun ki renmen bon manje, fanatik mizik, moun k ap chèche kilti, ak amatè ki renmen travay atistik yo. Annou ale.

Annou klere.

Kòm pandemi COVID-19 te koze yon kou enpòtan pou vwayaj ak touris, kanpay Miami Shines lan ap chèche kenbe Miyami an tèt kòm yon destinasyon vwayaj. Miami Shines gen entansyon pou li mete aksan sou kèk nan faktè esansyèl ki fè Miyami se yon destinasyon vwayaj inik, ansanm avèk lespri dinamik ak enèji li, ki ka bay tout moun yon santiman optimis ak lespwa pandan moman difisil sa yo. Dokiman sa a prezante kèk pi bon pratik, konsèy ak trik pou pwomouvwa biznis ou nan kad inisyativ sa a.

Mesaj Miami Shines lan dwe santi l optimis epi plen espwa, men sansib ak sitiyasyon asktyèl la. Li pa konsantre sou sa ki negatif, men tou li pa inyore nèt sa n ap viv la. Ta dwe gen yon sans kominote nan mesaj la lè sa enpòtan - "n ap travèse moman sa a sa ansanm." Pa vann Miyami twòp. Objektif la se pa pou nou fè moun vwayaje al Miyami kounye a, se pou nou montre santiman pozitif sou Miyami nan imaj ak tèks n ap itilize.

Logo a dwe itilize sou tout imaj ak tèks k ap pibliye yo. Dwe gen ladann GREATER MIAMI AK PLAJ YO(ka sèlman sòti sou aktif dijital ki pi piti si yo pa ka li yo.)

GMCVB.com/MiamiShines #MiamiShines

KLIKE LA POU TELECHAJE VIDEYO YO

KLIKE LA POU TELECHAJE LOGO YO

Tèks ak karaktè fonse

» Eseye rakonte yon istwa nan chak sa nou pibliye (poste). Kit se panse dèyè istwa a, yon souvni pozitif Miyami, oswa detay pou yon evenman vityèl (sou entènèt) k ap vini, istwa yo ede kreye koneksyon pi pwofon.» Konsidere mesaj ou a lè w ap chwazi ki kalite tèks oswa imaj w ap pibliye. Kawouzèl (foto ak videyo konbine ansanm) ak dyaporama ka rakonte yon istwa enteresan, alòske evenman yo ap fè yon bon travay pou kòmanse prepare pou yon ensidan espesifik.» Pa pè rantre nan konvèsasyon an nan komantè yo. Apre tou, rezo sosyo dwe sosyo! Poutèt klima pandemi a, asire w ke w prezante aktyalite ki pase vre olye de rimè lè w ap pale sou pwoblèm sante ak lòd yo pase sou sa.» Pou piblikasyon ki bay boustè, tèks la pa ka pran >20% nan imaj viyèt la (sa aplike pou Instagram tou), oswa li pap poste. Ou ka itilize Zouti Kadriyaj Facebook (Facebook's Grid Tool) la pou verifye si imaj ou yo konfòm ak sa yo mande a.

PI BON PRATIK TWITTER

GMCVB_MiamiShines_Twi�er

Sa a se yon egzanp kijan pou pi byen pwomouvwa Miami Shines ak patisipasyon w nan pwogram nan sou Twitter. Pa ezite pou w itilize sa a tankou yon baz epi ajoute touch pa w ladann. Tanpri mete tou senbòl (tag) @MiamiandBeaches epi itilize siy hashtag #MiamiShines.

Nou fè ekip ak @MiamiandBeaches pou montre tout jan #MiamiShines (Miyami klere). Pandan w an sekirite lakay thecke eksperyans vityèl nou an ak lòt bagay anplis nan GMCVB.com/Miam iShines

Lòt Konsèy pou Twitter» Kenbe 1-2 hashtag (sijè) pa tweet pou evite kreye yon tweet ki ankonbre epi pa natirèl. Tweets ki gen twòp hashtags (sijè) sanble mesaj moun pa vle (spam) epi gen mwens chans pou moun ta angaje avèk yo. Pran avantaj hashtag #MiamiShines la epi ajoute swa yon hashtag ki pi global oswa yon hashtag (sijè) moun konnen (yon mak).

» Kenbe tweets yo kout epi fasil pou moun li. Si mesaj la twò difisil pou moun konprann, moun ap kontinye desann pou ale nan pwochen tweet la. Ou pa ta dwe itilize tout 280 karaktè limit yo bay la. (Yo rekòmande yon maksimòm 180 karaktè anvan hashtags ak lyen.

» Twitter bouje vit, pa gen anpil itilizatè ki pran pwofil Twitter tankou yon istwa ak plizyè epizòd. Li pi bon pou chanje sijè ki pibliye a pou kenbe itilizatè yo angaje, men pa gen pwoblèm pou w pran avantaj sijè ki te pibliye deja tou.

» Ak videyo, GIFS, otokolan, foto, elatriye, ou ka eksprime anpil bagay nan yon sèl tweet. Men pafwa ou vle rakonte yon istwa k ap dewoule oswa retounen ak yon tweet ki gen rapò ak istwa a. Lè sa rive, ou ka itilize menm lyen mesaj sou Twitter. Chak tweet ta dwe ka poste poukont li, men, lè li lan mesaj k ap kontinye yo, li ka fè mesaj la pi fò, e sa ideyal. MIAMI SHINES AP RET TANN GID POU PIBLIYE VIDEYO

PI BON PRATIK PIBLIKASYON VIDEYO

» Poste ak tit epi deskripsyon kòrèk la pou videyo a.

» Chwazi yon tit idantifyan ki atire moun pou videyo a lè w ap poste videyo a sou chak platfòm. Sou Facebook ak Instagram tit idantifyan sa yo ta dwe mwens pase 20% tèks.

» Mennen plis angajman, pataje ak moun ki wè li lè w pibliye videyo a dirèkteman sou chak platfòm olye pou poste li ak videyo sou YouTube oswa lòt sit.

» Sèl videyo vètikal ta dwe itilize sou "story" sou Instagram ak Facebook.

» Pibliye videyo a sou Instagram "stories" se yon bon fason pou prezante videyo a. "Stories" yo pèmèt ou pou ajoute eleman vizyèl adisyonèl (GIFS, otokolan, sipè, elatriye...) oswa yon apèl pou askyon. Sa ka ede w atire atansyon itilizatè yo pandan y ap monte desann sou ekran yo pami plizyè "stories". Tanpri konnen ke maksimòm longè videyo pou yon Instagram "Story" se 15 segond.

» Nan moman sa a, stories yo gen plis aktivite pase videyo nan fil yo.

» Ou ka fè swivi sou sijè piblikasyon videyo ou a lè w pibliye videyo a nan menm fil la pou jwenn moun an plis ki wè videyo a.

» Kontinye swiv pi bon pratik chak platfòm endividyèl.

MIAMI SHINES AP RET TANN PA GMCVB DOKIMAN

MIAMI SHINES DOKIMAN DIIJITAL 2020

PI BON PRATIK ÒGANIK POU REZO SOSYO

PI BON PRATIK POU INSTAGRAMGMCVB_MiamiShines_IG

» Toujou mete lyen pou sit wèb nou an (GMCVB.com/MiamiShines) lè sa posib, paske sa sèvi kòm yon trè bon resous pou konnen enfòmasyon sou kanpay Miami Shines lan.

» Piblikasyon ki pwograme nan apremidi & aswè (12-7 p.m.) nòmalman gen plis ekspozisyon ak angajman. Itilize analiz Facebook, Twitter, ak Instagram pou detèmine pi bon moman pou pibliye pou odyans ou an.

» Si w ap chèche pou ranfòse vizibilite pou odyans ou a, panse a ranfòse piblikasyon òganik ou a. Sonje se pi bon fason pou rete pi jenerik nan sa ou sible a.

Sa a se yon egzanp kijan pou pi byen pwomouvwa Miami Shines ak patisipasyon w nan kanpay la sou Instagram. Pa ezite pou w itilize sa a tankou yon baz epi ajoute touch pa w ladann. Tanpri mete tou senbòl (tag) @Miam-iandBeaches epi itilize siy hashtag #MiamiShines.

Nou fè ekip ak @MiamiandBeaches pou montre tout jan #MiamiShines (Miyami klere). Estaf nou an ap kenbe lespri Miyami sa a fò avèk defi dans vityèl. Kijan w ap klere lakay ou?

Lòt Konsèy pou Instagram Sou Instagram ou ka itilize jiska 30 hashtags (<15 mache pi byen) pou ede ranfòse prezans òganik ou. Tanpri asire w ke w mete hashtag #MiamiShines, ansanm avèk lòt hashtags lokal, hashtags mak espesifik, ak hashtags ki gen plis trafik. Prefere sa ki enpòtan ak sa ki fè aktyalite sou tout lòt bagay

» Imaj ak videyo kare (rapò 1:1) ak koulè vif mache pi byen sou fil Instagram nan.

» Itilize eleman platfòm natif tankou otokolan, filt ak lantiy lè sa posib pou bay sijè a yon santiman otantik epi pou atire atansyon.

» Pifò kont biznis pèmèt ou pataje yon piblikasyon nan "story" ou. Sa se yon bon taktik si w ta vle pataje pwochen piblikasyon vit ak kontni #MiamiShines.

» Rete aktif otan ke posib nan reponn komantè epi angaje ak odyans ou.

Sa a se yon egzanp kijan pou pi byen pwomouvwa Miami Shines ak patisipasyon w nan pwogram nan sou Facebook. Pa ezite pou w itilize sa a tankou yon baz epi ajoute touch pa w ladann. Tanpri mete tou senbòl (tag) @MiamiandBeaches epi itilize siy hashtag #MiamiShines.

Nou fè ekip ak @VisitMiami pou kenbe lespri dinamik Miyami an vanyan pandan nou an antant. Pou nou, se apèl videyo chak jou pandan n ap eseye nouvo resèt epi pataje ri. Annatandan nou rankontre ankò, rete pozitif epi an sekirite! #MiamiShines

Lòt Konsèy pou Facebook» Piblikasyon imaj ak kawouzèl (foto ak videyo konbine) mache pi byen paske piblikasyon ak tèks. Itilize platfòm nan pou montre imaj ki angajan. Nou rekòmande pou pataje videyo Miami Shines ki nan twous dokiman sa a oswa imaj/videyo nan kontni sa a:

° Evènman Vityèl° Biznis ki ouvri pou kòmann/livrezon° Imaj rezidan k ap pran avantaj rete anndan: travay lakay/preparasyon pou lekòl, pwomnad pandan y ap rete lwen yonn lòt (distans sosyal), pèfòmans sou balkon, elatriye.° Entèraksyon ki chofe kè (a yon distans ki sekiritè) ki montre atitid pozitif Miyami an.

» Tanpri mete senbòl (tag) @MiamiandBeaches sou tout platfòm pou nou ka ede ranfòse mesaj ou a sou chèn nou yo.

» Ou ka jwenn grafik sosyal pou chak chèn nan lyen "Digital Assets" la pou ede w soutni biznis Miami Shines ou a.

» Pou piblikasyon a lavni ou ka itilize fichye PNG nan lyen "Digital Assets" la pou ajoute logo Miami Shines nan sou nenpòt imaj ou pataje sou chèn ou yo. Ou kapab itilize PhotoShop oswa zouti gratis pou edite foto sosyal tankou Canva pou fè sa.

» Ankouraje itilizatè yo pou pataje imaj sou kijan yo rete pozitif epi klere lakay yo lè yo pibliye ak senbòl (tag) @MiamiandBeaches oswa itilize siy hashtag #Miam-iShines.

Chak rezo sosyal diferan, men kèk sijesyon pou yon prezans sou rezo sosyal ki pi fò:

PI BON PRATIK POU FACEBOOK

GMCVB_MiamiShines_FB

MIAMI SHINES AP RET TANN PA GMCVB DOKIMAN

MIAMI SHINES DOKIMAN DIIJITAL 2020

KLIKE LA POU TELECHAJE VIDEYO YO

° Rezolisyon ki rekòmande se 1080 x 1920

° Rezolisyon minimòm se 600 x 1067

° Fòma se 9:16

° Gwosè maksimòm fichye se 4GB

° Fòma videyo ki rekòmande se .MP4 ak .MOV

° Longè maksimòm videyo se 15 segonn

° Dimansyon videyo ki rekòmande se 1280 x 720 pou Peyizay ak Pòtrè.° Lajè minimò se 600 piksèl (longè a depann de rapò aspè a) pou Peyizay ak Pòtrè° Foma pou Peyizay se 16:9° Fòma pòtrè se 9:16 (si videyo a enkli lyen, rapò aspè a se 16:9)° Telefòn pòtab fè tou lè de kalite videyo yo ak yon rapò 2:3° Gwosè maksimòm fichye se 4GB° Fòma videyo ki rekòmande se .MP4 ak .MOV° Longè maksimòm videyo se 120 minit° Kad maksimòm videyo se 30fps

Kantite Karaktè (Limit)° Kantite maksimòm: 2,200 karaktè° Rekòmande: 90 karaktè (si se lyen ki itilize)° Maksimòm pou tit: 25 karaktè° Maksimòm pou deskripsyon lyen: 30 karaktè

GID�POU�VIDEO�KI�POSTE�SOU�INSTAGRAM

GID�POU�VIDEYO�KI�POSTE�SOU�FACEBOOK

GID�POU�VIDEO�SOU�FACEBOOK

° Dimansyon minimòm 500 x 500

° Fòma 1.91 a 9:16 ak ba degrade ki gen koulè ou wè anwo ak anba

videyo anba 9:16 Chan tèks la prale anba videyo ki pi piti pase fòma sa a

° Gwosè maksimòm fichye se 4GB

° Longè maksimòm videyo se 15 segonn

° Fòma videyo ki rekòmande se .MP4 ak .MOV

GID�POU�VIDEYO�SOU�TWITTER

° Dimansyon ki rekòmande pou Peyizay 320 x 180 (256K debi binè), 640 x 360 (768K debi binè) epi 1280 x 720 (2048 debi binè)° Dimansyon ki rekòmande pou Pòtrè 240 x 240 (256K debi binè), 480 x 480 (768K debi binè) epi 640 x 640 (1024K debi binè)° Dimansyon minimòm pou tou lè de se 32 x 32° Dimansyon maksimòm pou tou lè de se 1280 x 1024° Fòma yo ant 1:2.39 ak 2.39:1° Gwosè maksimòm fichye se 512MB° Fòma videyo ki rekòmande se .MP4 pou wèb ak .MOV pou mobil° Longè maksimòm videyo se 140 segonn° Kad maksimòm pou videyo se 40fps

Kantite Karaktè (Limit)° Kantite maksimòm: 280 karaktè

MIAMI SHINES AP RET TANN PA GMCVB DOKIMAN

MIAMI SHINES DOKIMAN DIIJITAL 2020